false

Rejim alimantè pou esklewoz miltip (MS)

Kontribitè
Nancy Oliveira, MS, RD, LDN
Yon ekspozisyon fwi, legim, ak legiminez.

Esklewoz miltip (MS) se yon maladi oto-iminitè ki rive lè sistèm iminitè w atake yon sibstans gra (miyelin) ki pwoteje nè nan sèvo w ak mwèl epinyè w. MS lakòz enflamasyon ak domaj ki afekte mouvman, sansasyon ak vizyon.

Moun ki gen maladi sa a pandan tout lavi yo souvan gen peryòd kote sentòm MS yo vin pi grav. Apre sa, yo ka gen peryòd kote yo gen ti kras sentòm oswa sentòm ki lejè (remisyon). Malgre pa gen okenn gerizon pou MS, medikaman ka ede. Manje ak bwason ou chwazi yo kapab fè yon diferans tou, dapre Nancy Oliveira, MS, RD, LDN, yon dyetetisyen nan Mass General Brigham ak manadjè Sèvis Nitrisyon ak Byennèt nan Brigham and Women’s Hospital.

“Nou konnen enflamasyon MS lakoz la afekte fason ou santi w,” Oliveira di. “Se poutèt sa li enpòtan pou w chwazi manje ki ede diminye enflamasyon epi limite manje ki fè l vin pi grav.”

Èske gen yon rejim alimantè pou MS?

Pa gen okenn rejim alimantè pou MS ki valide syantifikman. Sepandan, yo prezante Pwotokòl Wahls ak rejim McDougall kòm rejim alimantè pou MS.

“Pwotokòl Wahls la sanble ak yon rejim paleo. Li limite pifò pwodui letye, sereyal konplè, ak legiminez,” Oliveira di. “Rejim McDougall la swiv yon plan vejetalyen ki ba nan grès, li elimine tout pwodui bèt an favè idrat kabòn ki gen anpil fib.”

Oliveira avèti gen ti prèv ki montre nenpòt nan "rejim alimantè pou MS" sa yo benefisye.

“Kèk etid sou plan alimantè sa yo te swiv yon ti kantite moun pandan yon kout peryòd, sa ki pa itil paske MS se yon maladi pwogresif ki dire tout lavi,” li di. “Anplis de sa, tou de plan alimantè yo restriktif.” Anplis lefètke yo fè w pa jwenn grès alimantè ki bon pou sante ak eleman nitritif ki bay sèvo w ak kò w enèji, plan sa yo ka trè difisil pou w suiv.”

Ki pi bon rejim alimantè pou MS?

Ta sanble sa ki bon pou sante kè w bon tou pou sante sèvo w. “Plan repa ki bon pou kè a sipòte veso sangen yo ak sikilasyon san nan kè w ak sèvo w,” Oliveira di. “Yo ede tou nan reparasyon selil nève yo.”

Rejim sa yo bay manje ki soti nan plant anpil plas. Manje sa yo ede mikwòb ki viv nan trip ou yo rete an sante. “Lè bakteri nan aparèy dijestif ou kraze fib nan manje a baz plant yo, yo lage pwodui chimik anti-enflamatwa ki sipòte sistèm iminitè w epi redwi enflamasyon,” Oliveira di.

Plan repa anti-enflamatwa sa yo ka ede w si w gen MS:

Manje pou konsome lè ou gen MS

Rejim yo site pi wo a se gid itil, men ou pa oblije swiv yo nan tout ti detay. Se varyete manje rejim sa yo ankouraje ki vrèman enpòtan, tankou:

  • Manje ki soti nan plant, tankou fwi, legim, sereyal konplè, pwa, lòt kalite pwa, nwa ak grenn
  • Pwason gra, tankou somon, ton ak fletan
  • Manje ki bon pou sante trip yo e ki gen pwobyotik, tankou yogout ak manje fèrmante tankou kefir
  • Pwoteyin ki pa gen anpil grès, tankou poul ak tofou
  • Lèt ak pwodui letye ki pa gen anpil grès

Manje pou evite lè ou gen MS

Ou ta dwe limite manje ak bwason ki lakòz enflamasyon, tankou:

Li difisil pou w manje byen lè ou pa santi w byen. Ou pa ta dwe santi w mal si rejim alimantè w pa pafè. Lè w ap fè fas ak yon maladi pwogresif, nenpòt ti chanjman ka fè yon diferans.

Nancy Oliveira, MS, RD, LDN

  • Dietitian, Mass General Brigham

Manje pi byen lè ou gen MS

MS ka lakòz yon pakèt sentòm, tankou doulè, fatig, feblès nan misk, pèt sansasyon ak chanjman nan vizyon. MS ka fè li pi difisil tou pou w vale oswa pou w santi lang ou (pwoblèm lang ki gen rapò ak MS). “Li difisil pou w manje byen lè ou pa santi w byen,” Oliveira di. “Ou pa ta dwe santi w mal si rejim alimantè w pa pafè.” Lè w ap fè fas ak yon maladi pwogresif, nenpòt ti chanjman ka fè yon diferans.”

Sijesyon sa yo ka ede lè ou gen MS:

  • Mande èd: Fanmi ak zanmi souvan vle ede. Men yo pa ka konnen sa ou bezwen sof si ou di yo. Mande èd pou fè makèt, prepare manje, oswa ba ou kèk repa nourisan.
  • Fè acha avèk sajès: Sèvi ak yon lis pwovizyon ki bon pou sante kè a pou gide chwa ou lè w ap fè makèt epi evite achte bagay san reflechi. Òganize lis ou a selon seksyon magazen an pou ou (oswa moun k ap ede w fè makèt la) ka fè makèt pi vit.
  • Achte manje ki mou e ki pa sèk: Si ou gen difikilte pou w vale, fè esmousi ak yogout grèk, poud pwoteyin, bè nwa ak lòt bè ki fèt ak nwa, grenn len, ak nenpòt lòt bagay ou renmen. Ou kapab fè yon pat somon tou lè ou melanje somon an bwat apre ou fin retire dlo a ak lwil oliv ak pwa ou chwazi.
  • Pa neglije pwodwi an bwat: Ou kapab ajoute anpil bagay nan soup an bwat, daprè Oliveira. Si ou pa renmen vèsyon ki gen ti sèl oswa ki pa gen sèl, achte soup an bwat nòmal epi dilye li (4 tas dlo pou 1 bwat soup nòmal). Mete tofou an kib, fèy epina, pwa kanelini, boulèt kodenn ki deja kwit, kawòt an ti moso ak nenpòt lòt bagay ki nan frijidè a.
  • Jwenn èd pou fè makèt: Si frè pou livrezon makèt pa nan bidjè w, mande manm fanmi oswa zanmi pou yo fè makèt pou ou. Gen kèk magazen ki pèmèt ou fè makèt sou entènèt gratis epi apre sa fè yon manm fanmi al chèche yo pou ou.
  • Pwofite chak bouche: Si ou pa gen anpil apeti, oswa ou bezwen pran kèk liv, manje ti moso manje ki chaje ak eleman nitritif ki gen bon grès an ti kantite pandan tout jounen an. Eseye nwa, bè ki fèt ak nwa, grenn, fwomaj ki gen mwens grès ak tranch zaboka.
  • Prepare manje yon fwa pa semèn: Koupe fwi ak legim pou w ka genyen pandan tout semèn nan. Kwit plizyè pwatrin poul, fè yon salad pwa oswa prepare yon soup oswa yon bouyon ki fasil pou rechofe.
  • Achte manje nan frizè: Fwi ak legim nan frizè (san sèl oswa sik ajoute) gen menm eleman nitritif ak pwodui fre. Oliveira rekòmande tou sous pwoteyin mèg ki deja kwit tankou bègè vejetaryen, pwa an konsèv, moso poul san po, bègè kodenn ak boulèt kodenn.

Li itil pou w gen yon dyetetisyen ki anrejistre kòm pwofesyonèl nan ekip swen w lan. “Yon dyetetisyen ka fè rekòmandasyon ki baze sou preferans manje w ak pwoblèm ou tankou difikilte pou w vale oswa pèt apeti,” Oliveira di. “Yo ka ede w jwenn eleman nitritif ou bezwen yo pou w gen enèji epi rete konsantre pandan w ap viv ak maladi sa a.”

primary
internal
Aprann plis sou esklewoz an plak ak atewosklewoz
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/ms-and-atherosclerosis