false

Diminye Risk pou Blese nan Jimnastik

Kontribitè
Thomas Newman
Yon jimnas fi k ap antrene epi amelyore sante jimnastik.

Jimnas elit yo gen anpil kalite — yo gen gras, fòs ak ladrès. Menm lè yo egzekite sote ak vire, mouvman wotasyon ak tonbe yo pafètman, sa ka lakòz blese. Yon fraksyon pous nan move direksyon ka lakòz divès kalite blesi grav.

“Jimnastik, nan nenpòt nivo, se yon espò ki gen gwo enpak ak chòk,” di Thomas Newman, yon espesyalis nan fòs ak kondisyone nan Mass General Brigham. “Nenpòt moun ki patisipe nan jimnastik nan nenpòt nivo pou nenpòt kantite tan pral blese.”

Newman se espesyalis prensipal nan pèfòmans nan Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò Mass General Brigham lan. Li ajoute, kle pou pratike jimnastik yon fason ki an sante ak ki bay bon rezilta se diminye risk blese epi pran mezi prevantif ki ede evite pwoblèm alontèm ki ka chanje lavi.

Blesi nan jimnastik yo komen

Jimnastik se youn nan espò ki gen plis risk blesi. Rapò NCAA a sou pousantaj blesi pami atlèt inivèsite yo montre jimnastik vini an dezyèm apre lit — ak yon pousantaj blesi ki pi wo pase foutbòl ameriken.

Yon etid sou jimnas wo nivo montre konsekans move teknik mouvman: Plis pase 90% jimnas yo blese nan nenpòt sezon, ak yon mwayèn 2.6 blese pa sezon pa atlèt. Blesi ki pi komen yo te:

Pati nan kò ki pi souvan afekte yo te:

Yon gwo pati nan estrès sou kò jimnas yo soti lè y ap ateri. Menm lè yon jimnas ateri yon fason pafè, fòs chòk la ka rive jiska 18 fwa pwa kò jimnas la. Si jimnas la pa ateri kòrèkteman, fòs chòk la ka tonbe sou pati kò ki pa ka sipòte l.

Paske anpil jimnas kòmanse espò a depi yo piti, fòs ak estrès sa yo mete presyon sou kò k ap devlope pandan plizyè ane. Sa ka ogmante risk blesi akoz chòk, tankou antòs, zo kase ak chòk nan tèt. Li ka ogmante risk blesi akoz mouvman repete twòp tou, tankou ti fann nan zo akoz presyon repete, enflamasyon nan tandon ak pwoblèm nan zòn kote zo grandi.

3 etap pou prevni blesi nan jimnastik

Malgre risk yo, espò a ap vin pi popilè. Kantite jèn k ap patisipe nan jimnastik ogmante 12 % soti 2021 rive 2023. Kounye a gen 4,76 milyon jimnas ameriken ki gen 6 an oswa plis.

Newman mete aksan sou nesesite pou paran yo kowòdone preparasyon ak planifikasyon pou kenbe jèn jimnas yo an sante otank posib, pandan tout tan sa posib. Avantaj la, dapre li, se abitid pozitif sa kreye yo ap ede jèn yo lontan apre karyè yo nan jimnastik fini.

Twa etap ka ede diminye risk blesi nan jimnastik, dapre Newman. Apwòch la baze sou travay mantò li, antrenè jimnastik lejandè Barbra Tonry. Sa vle di gade sante jimnas yo kòm twa sèk ki kwaze: antrènman, rekiperasyon ak sante yo nan tout aspè.

Sèk sa yo sipèpoze nan diferan fason pandan tout karyè yon jimnas. Sa ki enpòtan, se fè sèk sa yo sipèpoze otank posib.

Objektif la se kenbe timoun yo an sante toutotan sa posib epi panse ak lavi yo apre jimnastik. Pran tan pou itilize sa a kòm yon zouti aprantisaj, kèlkeswa kantite trofe ou genyen. Sèvi ak jimnastik kòm yon zouti pou pote bagay sa yo avèk ou nan rès lavi ou.

Thomas Newman

  • Strength and Conditioning Specialist
  • Mass General Brigham

1. Ekip fòmasyon jimnastik ki apwopriye a

Jimnastik ka yon espò endividyèl lè atlèt yo monte sou tapi a oswa sote sou ba yo, men pou kenbe yon jimnas an sante, fòk tout yon ekip travay ansanm, dapre Newman. Antoure jèn atlèt yo ak bon moun yo enpòtan anpil pou pèfòmans — ak sante.

Ekip jimnas la bezwen gen yon antrenè ki sètifye e ki kalifye, ki konn byen anseye teknik tankou fason pou ateri kòrèkteman. Sa ede atlèt yo fè fas ak fòs ki soti nan flip ak tonbe konplèks. Men ekip la bezwen tou yon antrenè fòs ak kondisyònman fizik, yon fizyoterapis, e menm yon nitrisyonis espò, ki tout dakò sou antrènman ki apwopriye a.

2. Rekiperasyon pou jimnas yo

Dapre Newman, dòmi se youn nan eleman ki pi enpòtan nan plan antrènman yon jimnas, men yo souvan neglije l. Li enpòtan menm jan ak pratik. Teknoloji moun ka mete sou yo ki suiv kantite tan yo dòmi ak kalite dòmi yo ka ede detèmine si yon jimnas ap dòmi ase pou kò l geri epi refè.

Men, dapre Newman, atlèt ki pa jwenn bon dòmi souvan pa gen bon abitid dòmi. Li rekòmande pou jimnas yo fè bagay sa yo:

  • Kenbe yon orè dòmi regilye.
  • Dòmi nan chanm ki fre epi ki fè nwa.
  • Evite ekran omwen yon èdtan anvan ou al dòmi.

Newman sijere jimnas yo suiv menm woutin ijyèn dòmi yo lè y ap vwayaje pou al nan konpetisyon.

Lòt mwayen pou ede kò a refè, tankou basen dlo frèt, sona, masaj ak yoga, ka ede:

  • Diminye enflamasyon, yon reyaksyon kò a ki ka fè tisi ki blese anfle
  • Ogmante fleksibilite
  • Kalme mis ki fè mal
  • Amelyore sante mantal yon jimnas

Sant pou Pèfòmans ak Rechèch nan Espò Mass General Brigham lan ofri yon espas pou ede kò a refè pou atlèt k ap patisipe nan divès nivo konpetisyon. Newman ankouraje jimnas yo ak paran yo pou yo travay ak ekip antrènman yo. Konsa, yo ka aprann sèvi ak lòt mwayen sa yo kòrèkteman, nan bon lòd.

“Si ou pa fè bagay yo nan bon lòd, ou rate yon okazyon,” Newman di. “Sekans sa a bezwen optimize non sèlman pou bezwen espesifik moun nan, men tou pou moun nan sou tan. Lòd la ap chanje pandan jimnas la ap fè pwogrè epi l ap grandi.”

3. Sante nan tout aspè

Jimnas yo souvan bliye antrene lespri yo, menm si sa enpòtan pou sante yo nan tout aspè. Fòmasyon koyitif (mantal) pou jimnas yo enpòtan menm jan ak fòmasyon sou tapi an, Newman di. Antrene lespri a ede jimnas yo kowòdone mouvman yo ak fè sa yo bezwen fè. Sa ede yo tou rete djanm lè yo anba presyon oswa lè yo gen difikilte.

Newman rekòmande pou mete yon sikològ ki travay ak atlèt nan ekip yon jimnas depi yon etap prekòs nan antrènman li.

“Fanmi yo ka bay sipò, men yo pa gen anpil chans pou yo konnen teknik ak estrateji ki pi resan e ki pi efikas pou antrene lespri a,” li di.

Sikològ ki travay ak atlèt yo konnen estrateji sa yo e yo ka jwe yon wòl enpòtan nan ekip prensipal yon jèn jimnas.

Bati yon fondasyon jimnastik solid

Objektif pou diminye blesi yo se pa pou kreye jimnast ki genyen meday lò. Olye de sa, dapre Newman, objektif la se bay atlèt yo yon baz solid pou karyè espòtif yo ak pou lavi yo apre jimnastik, kèlkeswa lè etap sa a rive.

“Objektif la se ede timoun yo rete an sante otank posib, pandan n ap panse ak lavi yo apre jimnastik,” li ajoute. “Pran tan pou itilize sa a kòm yon zouti aprantisaj, kèlkeswa kantite trofe ou genyen.” Sèvi ak jimnastik kòm yon zouti pou pote bagay sa yo avèk ou nan rès lavi ou.”

primary
internal
Aprann sou Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espòtif Mass General Brigham nan
/content/unified-xwalk/ht/services/center-sports-performance-research