Sentòm Apne Somèy
Karen Lee, MD
Sentòm Apne Somèy ka deranje plis pase yon bon nwit repo. Yo ka boulvèse yon travay, deranje yon rejim alimantè, epi, nan pi move ka yo, koute yon moun plizyè ane nan lavi li.
Konsidere kòm youn nan maladi dòmi ki pi komen, apne dòmi afekte plizyè santèn milyon moun atravè lemonn. Sepandan, pifò moun tann plizyè ane anvan yo resevwa tretman, souvan san yo pa remake sentòm yo.
“Sentòm Apne Somèy yo ka fasilman konfonn ak lòt maladi,” se saKaren Lee, MD, yon newològ dòmi nan Mass General Brigham eksplike. “Sa ki ka sanble ak atak panik oswa kochma nan mitan lannuit ka aktyèlman se yon ti pwent nan yon gwo pwoblèm.”
Doktè Lee regilyèman trete pasyan ki gen Apne Somèy yo nan Mass Eye and Ear. Li eksplike kisa apne somèy lan ye, kòz li yo, ak fason pou chèche tretman.
Kisa apne somèy ye?
Pasyan ki gen apne somèy ka reveye san souf. Gen kèk ki santi tankou y ap chèche souf, kòmsi yo te anba dlo. Doktè Lee menm tande pasyan yo dekri yo reveye nan kochma kote y ap neye oswa toufe.
Deskripsyon yo vrèman fè sans. Apne somèy la pwodui lè yon moun sispann epi rekòmanse respire, oswa respire iregilyèman, pandan somèy li. Respirasyon ki koupe bay pwoblèm ak sik somèy yon moun, souvan li reveye yo nan mitan lannuit. Li lakòz tou yon ipoksi pandan somèy. Ipoksi a pwodui lè nivo oksijèn nan desann trè ba nan kò a.
Ki kalite apne somèy ki genyen?
Gen de kalite apne somèy:
1. Apne somèy obstriktif
Apne somèy obstriktif se kalite apne somèy ki pi komen. Li rive akoz yon blokaj nan pasaj lè siperyè yon moun.
Pasaj lè siperyè a se yon tib long ki pwolonje depi nan pwent nen ak bouch la rive nan gòj siperyè a. Plizyè estrikti, tankou nen an ak amidal yo, egziste la. Pandan somèy, misk ak tisi yo sou tout longè pasaj lè a detann epi elaji, sa ki pèmèt yo pasyèlman oswa konplètman bouche pasaj lè a.
Gravite a jwe yon wòl tou. Kouche, sitou plat sou do, ogmante fason estrikti sa yo tonbe.
Antesedan familyal ak jèn yo ka ogmante chans pou gen obstriksyon. Moun eritye estrikti vizaj ak karakteristik pasaj lè siperyè paran yo. Dapre Doktè Lee, gwosè, fòm, ak kapasite pasaj lè a pou li tonbe souvan yo detèmine gravite blokaj la.
2. Apne somèy santral
Byenke li mwens komen pase apne somèy obstriktif la, apne somèy santral la afekte plizyè santèn milye Ameriken. Kondisyon an pa enplike yon obstriksyon nan pasaj lè siperyè a. Olye de sa, li afekte sèvo a, ki sispann voye siyal pou respire nòmalman.
“Ou literalman sispann respire,” Doktè Lee di. “Ou ka wè pwatrin moun nan k ap monte desann nan yon moman. Lè sa a, li sispann bridsoukou.”
Dapre Doktè Lee, maladi kadyak se kòz ki pi komen nan apne somèy santral. Ensifizans kadyak ak batman kè iregilye (aritmi) ka deranje siyal sèvo a voye bay poumon yo. Lòt kòz diminye koneksyon ki genyen ant sèvo a ak poumon yo. Sa yo gen ladan yo:
- Medikaman
- Opiase
- Timè nan sèvo
- Maladi newolojik nan sèvo, kote pi komen an se aksidan vaskilè serebral
Apne somèy obstriktif kapab kontribye tou nan apne somèy santral.
Siy apne somèy
Wonfle se sentòm ki pi komen nan apne somèy obstriktif. Lè lè a ap eseye pase nan yon pasaj lè ki tonbe oswa ki bloke, vibrasyon kont mi pasaj lè a kreye yon wonfleman.
“Esansyèlman, wonfle se son blokaj la sou tout pasaj lè siperyè a,” se sa Doktè Lee eksplike. “Yon moun ka wonfle depi gen plizyè pwen blokaj nan pasaj lè siperyè a, tankou nan nen an oswa nan dèyè gòj la.”
Pandan ke wonfle se yon bagay ki inik nan apne somèy obstriktif, lòt siy ak sentòm komen nan tou de kalite apne somèy yo ka rive nan mitan lannuit oswa pandan jounen an.
Sentòm lannuit
- Manje dan ak/oswa sere dan
- Pale ak/oswa mache nan dòmi
- Somèy ajite
- Transpirasyon lannuit
Sentòm lajounen
- Dòmi nan je lajounen, oswa santi ou pa repoze apre somèy
- Chanjman nan atitid
- Move konsantrasyon oswa memwa
- Modèl manje anòmal
- Tèt fè mal nan maten
Kijan ou fè konnen si ou gen apne somèy?
Yon dyagnostik apne somèy kòmanse ak yon vizit kay yon doktè espesyalis nan twoub somèy. Doktè Lee ankouraje pasyan yo pou yo mennen patenè somèy yo nan randevou yo. Souvan, yon pasyan pa p rekonèt pwòp abitid somèy pa l. Patenè somèy yo ka bay yon pèspektiv ki manke.
Si doktè espesyalis nan somèy lan sispèk yon apne somèy, li refere pasyan an pou yon etid somèy. Pasyan yo ka fè yon etid somèy nan konfò lakay yo oswa nan yon laboratwa somèy. Etid lakay yo an jeneral fèt ak de twa grenn ekipman:
- Monitè nen
- Sentiwon pwatrin
- Detèktè dwèt
Twa grenn ekipman yo tout anrejistre batman kè, pozisyon kò, respirasyon, ak nivo oksijèn dirèkteman pandan somèy. Etid somèy lakay ki pi resan yo ka anrejistre done endirèkteman. Etid sa yo gen ladan yo sèlman yon bann yo mete nan ponyèt la ak yon detèktè dwèt, san okenn ekipman sou tèt la oswa pwatrin lan.
Yon etid somèy nan laboratwa, yon lòt bò, ka kolekte pi gwo kantite done dirèkteman, sa gen ladan aktivite ond nan sèvo. Etid sa yo depann de yon kamera videyo, koleksyon odyo, fil sou tèt ak janm, ak detèktè sou figi a. Yon teknisyen kontwole tout etid la depi nan yon chanm deyò. Done yo kolekte nan yon etid somèy nan laboratwa yo konsidere kòm "referas estanda;" li gen tandans pi egzat pase done yo kolekte nan yon etid lakay.
Efè apne somèy
Anpil nan pasyan Doktè Lee yo pa janm sispèk yo gen apne somèy anvan yo rive nan klinik li a. Olye de sa, yo an jeneral rive ak yon lòt maladi ki devlope akoz apne somèy lan.
Kèk nan maladi sa yo gen ladan yo:
- Kriz kadyak
- Ensifizans kadyak
- Batman kè iregilye, tankou fibrilasyon atriyal (AFib)
- Aksidan vaskilè serebral
- Tansyon wo, oswa ipètansyon
- Dyabèt
- Obezite
- Kolestewòl wo
- Twoub konyitif
“Mwen gen pasyan yo voye ban mwen chak jou ki pa gen siy evidan apne somèy , men yo ka gen tansyon wo nan yon laj jèn,”se sa li di. “Se poutèt sa yo souvan rele apne somèy yon ‘asasen silansye.’”
Li konpare maladi an ak kolestewòl wo, yon kondisyon ki ka pa nesesèman mennen nan sentòm evidan men ki ka toujou domaje kò a. Si apne somèy pa detekte, li ka domaje kè a, afekte sèvo a, epi deranje balans òmòn yo.
Efè apne somèy sou kè a
Kè a ede san an transpòte oksijèn nan tout kò a. Oksijèn vwayaje nan san an nan globil wouj yo. Chak batman kè voye plizyè milyon globil wouj nan diferan ògàn, pou ba yo oksijèn ak eleman nitritif ki nesesè pou yo siviv.
Menm jan ak nenpòt lòt ògàn nan kò a, kè a bezwen repo. Dòmi pèmèt kè a fonksyone pi dousman epi nan yon fason plis detann. Sepandan, pasyan ki gen apne somèy resevwa mwens oksijèn akòz respirasyon iregilye. Kè a konpanse pou mank oksijèn lan lè li travay plis pase nòmal.
“Kè a bridsoukou vin anba estrès epi li eseye ponpe ak plis fòs lè li pa ta dwe,” se sa Doktè Lee eksplike. “Avèk tan, sa lakòz anpil nan maladi kadyovaskilè ki asosye ak apne somèy.”
Efè apne somèy sou sèvo a
Selil yo mouri lè yo pase twòp tan san oksijèn. Nan ka ekstrèm, yon mank oksijèn ki soti nan apne somèy akimile ase pou detwi tisi nan sèvo a.
Sèvo a sibi menm mank oksijèn lan pandan yon aksidan serebral.
Efè apne somèy sou òmòn ak pran pwa
Privasyon dòmi ki soti nan apne somèy ka mennen nan rezistans ensilin ak obezite. Sa fè li vrèman pi difisil pou pèdi pwa epi evite reprann li.
Òmòn yo ede eksplike poukisa. Nòmalman, sèvo a lage òmòn apeti pou siyal lè ou grangou oswa lè ou santi ou plen. Nòmalman, òmòn grèlin ki deklannche an premye a, epi òmòn leptin ki deklannche an dezyèm lan. Pasyan ki gen apne somèy gen mesaj sa yo ranvèse. Yon moun ka manje yon gwo repa, pa egzanp, sèlman òmòn grèlin li ap bay siyal grangou, sa ki ogmante apeti li. Sa mennen nan manje twòp epi, finalman, pran pwa.
“Anpil moun ki gen apne somèy manje yon gwo repa pou dine epi yo santi yo grangou apre,” se sa Doktè Lee di. Men yo pa nan eta grangou. Siyal apeti yo montre ke yo santi grangou menm lè yo deja plen.”
Mank somèy kapab tou detwi siyal òmòn apeti ki apwopriye. Yon mank somèy ka lakòz yon moun santi l grangou lè li pa ta dwe.
Kijan yo mezire apne somèy?
Endèks apne-ipopne (AHI) se mezi ki pi komen pou degre apne somèy yon pasyan. Endèks la mezire konbyen fwa yon pasyan sispann epi rekòmanse respire pandan yon èdtan dòmi an mwayèn.
Doktè Lee dekri AHI kòm yon mezi konbyen fwa yon pasyan "toufe" pandan y ap dòmi. Yon moun ki gen yon ka lejè apne somèy ka fè jiska 15 toufe pa èdtan, tandiske yon moun ki gen yon ka grav ka fè plis pase 30.
Doktè Lee avèti pasyan yo ke AHI a lwen pou l pafè. Yon moun ki gen yon nòt AHI ki ba ka dòmi nan klas oswa tonbe dòmi nan travay, pandan ke yon moun ki gen yon AHI ki pi grav ka fonksyone byen pandan jounen an.
“Moun ka di, ‘Oh, AHI moun sa a tèlman ba, sentòm yo pa fè sans, epi yo dwe pa gen apne somèy an reyalite,’” se sa li di. “Men sa pa vre. Li plis tankou grip la: Yon moun ka gen menm souch grip la men li ka gen yon gravite sentòm diferan.”
Nou tèlman kolekte done nan etid somèy ke nou ka kòmanse imajine kijan tretman endividyalize ta ka sanble. Tank nou idantifye epi trete maladi yo pi bonè, se tank li pi bon.
Karen Lee, MD
- Newològ espesyalize nan maladi somèy, Mass General Brigham
Tretman apne somèy
Machin presyon pozitif nan pasaj lè (PAP) se tretman referans estanda pou apne somèy. Chak kalite machin ede sikile lè nan pasaj lè yon pasyan nan ritm ak presyon diferan.
CPAP pou apne somèy obstriktif
Pandan apne somèy obstriktif, estrikti yo efondre nan plizyè kote sou tout longè pasaj lè a. Operasyon pou retire yon blokaj pa p retire dizèn lòt estrikti k ap bloke pasaj lè a. Yon chirijyen ta ka eseye itilize yon pansman pou repare yon baraj k ap koule.
“Ou pa ka fè yon santèn operasyon sou tout pasaj lè siperyè a,” s sa doktè Lee ajoute.
Pasyan ki gen apne somèy obstriktif itilize yon machin presyon pozitif kontinyèl (CPAP) nan pasaj lè pou tretman. Lè sou presyon ki soti nan machin nan ouvri tout pasaj lè a atravè yon mask, sa ki pèmèt oksijèn rive nan poumon yo.
PAP pou apne somèy santral
Pasyan ki gen sèten kalite apne somèy santral souvan benefisye de yon lòt kalite machin PAP. PAP sa yo tankou vantilatè lopital, eksepte yo pa bay pasyan an oksijèn. Olye de sa, machin yo bay lè presyon nan vitès ak entansite ki diferan de sa yon machin CPAP debaz bay.
PAP yo pou apne somèy santral imite respirasyon natirèl san yo pa respire pou pasyan an. Yo senpleman ede "raple" sèvo a pou l respire lè poumon yo sispann.
Lòt tretman pou apne somèy
Malerezman, se pa tout moun ki ka tolere machin PAP la. Gen kèk moun ki konsidere mask la oswa lòt ekipman ki enplike yo twò dezagreyab pou mete.
Yon opsyon tretman segondè ki popilè pou apne somèy obstriktif se yon aparèy yo rele souvan "estimilatè kadyak pou lang lan." Aparèy la deplase lang lan pi devan pandan somèy. Atravè yon pwosedi ki pa anvayisan, yon chirijyen enplante aparèy la jis anba sifas pwatrin lan epi konekte li ak nè ipoglòs la, ki kontwole lang lan. Pasyan yo sèvi ak yon telekòmand pou aktive aparèy la anvan yo al dòmi. Pa gen CPAP oswa mask ki nesesè pou tretman sa a.
Se sèlman pasyan ki pa ka tolere CPAP ki ka sibi enplantasyon nè ipoglòs. Anvan enplantasyon an, doktè yo dwe konfime si obstriksyon nan pasaj lè pasyan an ka reponn ak aparèy la. Si deplase lang lan pa t ap soulaje obstriksyon an, lè sa a doktè a ka konsidere pwosedi a kòm twò inefikas pou trete apne somèy obstriktif.
Doktè yo itilize yon andoskopi somèy pwovoke pa mwayen dwòg (DISE) pou evalye blokaj la. Pandan pwosedi a, yon kamera minyati anrejistre pasaj lè yon pasyan k ap dòmi. Apati videyo a, doktè yo ka detèmine si yon pasyan kalifye pou estimilatè nè ipoglòs la.
Anplis operasyon, lòt opsyon tretman yo gen ladan yo:
- Aparèy pou bouch: Pwotèj bouch yo louvri pasaj lè a pandan yo ajiste machwè a.
- Pozisyon kò: Pozisyon kò yon moun ka soulaje kèk sentòm apne somèy. Pa egzanp, evite dòmi sou do ka ede.
- Pèdi pwa: Twòp tisi nan kou ka bloke pasaj lè moun ki gen twòp pwa.
- Chanjman nan stil de vi: Sispann fimen epi bwè mwens alkòl ka amelyore sentòm yo. Alkòl ka detann misk yo nan pasaj lè siperyè a, sa ki fè li pi fasil pou yo efondre.
Rechèch sou apne somèy
Doktè Lee wè yon avni briyan pou tretman apne somèy. Mass General Brigham, li kwè, ka ede fè avni sa a tounen yon reyalite.
Andrew Wellman, MD, PhD, yon doktè espesyalize nan somèy nan Mass General Brigham, ap ede evalye yon nouvo konprime pou trete apne somèy obstriktif. Ki fèt pou pasyan ki pa ka tolere CPAP, konprime a vize misk gòj pasyan an. Medikaman an ta ka anpeche misk yo detann pandan somèy epi anpeche gòj la efondre.
Pandan ke medikaman an poko pare pou itilizasyon toupatou, Doktè Lee rete ak espwa ke li ap disponib. Li di de engredyan aktif ki nan medikaman an se medikaman diferan ki deja apwouve pa Administrasyon Manje ak Medikaman (Food and Drug Administration) pou lòt kondisyon medikal.
Doktè Lee wè rechèch sou byomakè kòm youn nan pwochen etap ki pi enpòtan pou tretman yo. Yon fason ideyal, doktè yo ta ka itilize yon echantiyon san oswa enfòmasyon ki soti nan etid somèy pou idantifye sèten kondisyon medikal epi detèmine tretman ki bay pi bon rezilta pou pasyan an.
“Nou te tèlman kolekte done nan etid sou somèy ke nou ka kòmanse imajine ak kisa tretman pèsonalize ta ka sanble,” se sa di Doktè Lee di. Tank nou idantifye ak trete maladi yo pi bonè, se tank li pi bon.