false

Antrennman pandan sezon ivè: Kijan pou fè egzèsis an sekirite

Kontribitè
Andrea Noel-Doubleday, PT, MPH
Yon moun k ap fè djògin ap fè etann anvan yon kous sou yon wout ivènal.

Nivo aktivite w pa oblije bese lè tanperati yo desann anpil. Si ou renmen fè egzèsis deyò, ou ka jwenn li difisil pou rete motive nan sezon ivè. Men, peryòd sa a nan ane a kapab yon opòtinite pou fikse objektif sante pou nouvèl ane a, eseye nouvo bagay epi ranfòse kò w nan plizyè fason.

“Lè sezon ivè rive, moun ki renmen fè egzèsis deyò, tankou moun ki kouri, monte bisiklèt oswa fè randone lè tan an bèl, ka gen difikilte pou jwenn yon woutin antrennman ki bon pou yo,” di Andrea Noel-Doubleday, PT, MPH, yon fizyoterapis ak direktè adjwen sèvis reyabilitasyon nan Lopital Cooley Dickinson nan Mass General Brigham. “Men an reyalite, sezon ivè se yon bon moman pou eseye bagay ki ka fè w tounen yon pi bon atlèt lè prentan rive. Aktivite pandan sezon ivè ede tou anpeche blesi akòz efò repetitif lakay atlèt ki pratike espò andirans.”

Si tan frèt la fòse w rete anndan, Noel-Doubleday ankouraje w anpil pou w konbine plizyè kalite antrennman. Men, si ou toujou vle fè egzèsis deyò pandan tout sezon ivè a, li ba ou plizyè konsèy pou w rete an sekirite.

Pase nan antrennman deyò pou ale nan antrennman anndan kay la

Noel-Doubleday di gen moun ki vle evite gwo frèt sezon ivè a men ki pè pou egzèsis anndan kay la raz. Men, li di varye aktivite yo ka amizan.

Atlèt nan tout nivo ka benefisye de antrennman pou ranfòse misk yo, antrennman pa entèval ak egzèsis vitès, dapre li. Moun ki kouri ak moun ki monte bisiklèt ka ranplase aktivite andirans deyò yo ak egzèsis monte pant sou yon tapi kous oswa yon bisiklèt estasyonè.

“Gen anpil kalite antrennman pou ranfòse misk yo ou ka fè nan sousòl ou. Ou ka monte sou YouTube epi jwenn kèk bon antrennman pou fòs ki dire 20 oswa 30 minit. Oswa ou ka pwofite klas kondisyon fizik nan jimnastik lokal ou a. Ou ta ka jwenn ou vrèman renmen sa,” li di. “Ou ta ka kontakte yon antrenè pèsonèl tou pou jwenn konsèy pèsonalize sou fason pou amelyore pèfòmans ou pandan sezon ivè a, pou w pi byen prepare lè tan an vin pi bon.”

Si w pè pou mwa ivè yo fè w pase mwens tan ap antrene epi bese nivo kondisyon fizik ou, Noel-Double-Day di menm ti moman egzèsis ka efikas anpil.

“Sa itil anpil pou w pran 10 minit pou w fè yon ti sesyon antrennman pou ranfòse misk yo nan biwo w oswa nan sousòl ou. Pa egzanp, si w jis mete yon bagay nan fou a, ou ka fè yon koup egzèsis, petèt kèk skwat, yon koup mouvman planch, oswa kèk pon pou misk dèyè w yo,” se sa li di. “Si sezon ivè anpeche w fè sa w t ap fè nòmalman, ki egzèsis ou kapab jwenn tan pou w fè? Ti sesyon egzèsis yo ap fè w santi w pi byen mantalman ak emosyonèlman.”

Li avèti moun yo pou yo fè atansyon lè y ap fè plizyè bagay an menm tan sou ekipman egzèsis, tankou lè y ap li epi gade televizyon. “Sa ka yon bon distraksyon, men ou pa vle fè yon fo pa epi riske blese.”

Menm avèk prekosyon, ou ka toujou glise oswa tonbe, epi w ap vrèman bezwen telefòn ou avèk ou. Pa janm ale fè kous nan sezon fredi san telefòn ou.

Andrea Noel-Doubleday, PT, MPH

  • Physical Therapist, Mass General Brigham

Sekirite lè w ap fè egzèsis deyò nan tan frèt

Si w planifye pou w fè fas ak frèt la ak fènwa prekòs la, Noel-Doubleday ba ou plizyè konsèy pou fè egzèsis deyò an sekirite nan sezon fredi, pou w evite pwoblèm tankou blesi moun souvan pran nan ski epi pou w rete an sekirite lè w ap patine sou glas.

Abiye kòmsadwa pou antrennman sezon fredi

Abiye kòrèkteman ap fè w santi w pi alèz nan move tan an epi sa ka ede tou anpeche ipotèmi.

“Lè w soti nan pòt la, ou ta dwe santi w yon ti jan frèt,” se sa li di. “Ou pa vle santi w twò cho lè w fèk soti, paske apre sa kò w ap vin twò cho. Epi apre sa, li fasil pou w dezidrate.”

Olye de sa, mete plizyè kouch rad ou ka retire. Asire w kouch baz la fèt ak materyèl ki sèk byen vit epi ki retire imidite. Twal sa yo ap retire swe nan kò w epi kenbe w sèk otank posib. Epi pa bliye yon chapo pou kenbe chalè.

Si lapli oswa nèj ap tonbe, dènye kouch rad ou a ta dwe yon jakèt ki pa kite dlo pase, ak yon kapichon. Noel-Doubleday rekòmande tou yon mask figi ki fèt ak materyèl ki retire imidite pou chofe lè a anvan li antre nan poumon w.

Sifas ki glise

Si gen nèj atè a, pwobableman pral gen glas sou wout ak trotwa. Lè moun glise epi tonbe sou glas, sa souvan lakòz tòde cheviy, blesi nan ponyèt, zo kase ak blesi nan tèt tankou chòk nan sèvo. Ou ka evite tonbe lè w mete akseswa anba soulye w, tankou ti pwent metal oswa semèl ki ede w pa glise.

Noel-Doubleday rekòmande tou pou w suiv menm wout ou abitye pran lè w ap mache oswa kouri deyò pandan sezon ivè. W ap pi an sekirite sou sifas yo lè yo abitye, lè w konnen kote fant yo ak griyaj yo ye, pa egzanp. Epitou, asire w ou fè zanmi ak fanmi konnen wout ou.

Sekirite nan lannwit

Nan sezon ivè, fènwa rive prekòs, sa ki ka vle di w ap fè egzèsis ak vizibilite limite. Noel-Doubleday ankouraje w pou w mete limyè ak ekipman reflektif pou ede w wè epi pou ede lòt moun wè w. Anpil rad kouri, tankou vès ak pantalon sere, gen reflektè entegre. Ou ka mete yon lanp sou tèt ou, pote yon lanp pòch oswa mete yon bag ki gen yon ti lanp pòch sou dwèt ou.

Li mete aksan tou sou enpòtans pou w pote telefòn selilè w. “Menm avèk prekosyon, ou ka toujou glise oswa tonbe, epi w ap vrèman bezwen telefòn ou avèk ou. Pa janm al kouri nan sezon fredi san telefòn ou.”

Idratasyon pandan egzèsis nan sezon fredi

Ou pa nesesèman panse ak idratasyon w otan nan sezon fredi jan w fè sa nan sezon ete, men li toujou trè enpòtan pou w rete idrate. “Nou toujou swe epi nou ka toujou dezidrate,” se sa Noel-Doubleday di. Kenbe abitid idratasyon w nan sezon fredi, se sa li sijere, ki gen ladan l jèl ak sipleman. Jwenn plis konsèy sou idratasyon pou atlèt.

Pwoteksyon kont solèy

Anpil moun bliye tou pwoteksyon kont solèy pandan antrennman nan sezon fredi. Noel-Doubleday rekòmande pwoteksyon pou je tankou linèt solèy oswa linèt pwoteksyon pou pwoteje je w, ansanm ak krèm pwoteksyon solèy pou pwoteje po w. “Pa sere krèm pwoteksyon solèy la lè sezon ete a fini,” se sa li di.

primary
internal
Aprann sou sèvis Medsin Espò Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine