Twoub Somèy lakay Adolesan: Preparasyon pou lè sezon ete a
Ak sezon prentan an, tanperati yo vin pi cho, jounen yo vin pi long, epi nou pase nan lè sezon ete a. Chak dezyèm dimanch nan mwa mas, revèy yo avanse 1 èdtan, sa ki ban nou lannuit ki pi klere pou mwa sezon ete; jiskaske premye dimanch nan mwa novanm, revèy yo retounen sou yon èdtan. Poutan, lannuit ki pi klere sa yo vini ak yon pri. Nou tout pèdi yon èdtan dòmi anplis. Se poutèt sa li pi difisil pou nou adapte nou ak chanjman lè nan sezon prentan an pase nan sezon otòn lan.
Pou adolesan ki gen orè chaje epi ki kòmanse lekòl prekòs nan maten, chanjman sa a ka difisil anpil. Nan kèk ka, li ka lakòz twoub somèy. Milena Pavlova, MD, nèwològ nan Mass General Brigham ak direktè medikal Laboratwa Klinik pou Dòmi nan Brigham and Women’s Faulkner Hospital, bay paran yo konsèy pou ede adolesan adapte yo ak chanjman lè a. Aprann kijan pou anpeche oswa jere twoub somèy lakay adolesan.
Kisa ki ritm sikadyen an?
Ritm sikadyen an se revèy entèn kò ou. Li kontwole sik yo pou diferan fonksyon fizik, mantal, ak konpòtman nan kò ou, sa gen ladan lè ou dòmi. Revèy entèn yon moun se yon peryòd ki dire anviwon 24 èdtan, ki koresponn ak kantite èdtan nan jounen an.
Ritm sikadyen w afekte si w konsidere tèt ou kòm yon "moun ki renmen dòmi ta" oswa yon "moun ki leve prekòs". Si w gen tandans leve bonè epi santi w plen enèji epi pwodiktif nan maten, ou ta ka yon moun ki leve bonè. Si w prefere dòmi an reta, epi ou gen plis enèji pita nan aswè, ou ta ka yon moun dòmi ta. Doktè yo toujou gen anpil bagay pou yo aprann sou dòmi. Men, lè ou gen tandans dòmi ak reveye ka depann de jèn ou, laj ou ak anviwònman ou, tankou travay ou ak kote w ap viv.
“Plis pase mwatye adolesan yo gen tandans rete reveye ta nan nuit,” se sa Doktè Pavlova di. “Etid yo montre lè timoun yo ap antre nan laj pibète, ritm sikadyen natirèl yo gen tandans chanje. Yo kòmanse dòmi pi ta pase lè yo te pi piti. Se poutèt sa yo ka santi yo pi pwodiktif pi ta nan jounen an.”
Ki sa ki yon twoub ritm sikadyen?
Yon twoub ritm sikadyen rive lè revèy entèn kò w pa mache dapre yon orè nòmal. Yon moun ki gen twoub sa a pa dòmi ase oswa li gen yon kalite dòmi ki pa bon. Yon fason pou panse ak twoub ritm sikadyen yo se ke moun yo vin tounen "leve bonè ekstrèm" oswa "dòmi ta ekstrèm", se sa Doktè Pavlova eksplike, adolesan yo gen plis chans pou yo devlope dezyèm lan akòz tandans natirèl yo genyen pou yo vin moun k ap dòmi ta nan nivo ekstrèm. Yo rele sa tou twoub dòmi ak reveye anreta. Adolesan ki gen twoub sa a pran dòmi twò ta nan aswè epi yo gen anpil difikilte pou leve nan maten.
Nan pifò kote, lè lekòl kòmanse pi bonè pase lè timoun yo nòmalman dòmi nan laj sa a. Avanse orè yo sèlman yon èdtan vle di yo rate yon dòmi ki vrèman enpòtan. Se poutèt sa, timoun yo, espesyalman adolesan yo, gen dezavantaj.
Milena Pavlova, MD
- Neurologist, Mass General Brigham
Twoub somèy lakay adolesan
Adolesan yo pi afekte pase lòt moun lè nou pase nan lè sezon ete, epi yo gen plis chans pou yo gen twoub ritm sikadyen. Sa ka lakòz pwoblèm paske, jan Doktè Pavlova fè remak la, “Adolesan yo gen orè chaje, aktivite atletik, ak konpetisyon pou antre nan kolèj.” Nan pifò kote, lè lekòl kòmanse pi bonè pase lè timoun yo nòmalman dòmi nan laj sa a. Avanse orè yo pa yon èdtan vle di yo rate yon dòmi ki vrèman enpòtan. Se poutèt sa timoun yo, sitou adolesan yo, gen plis difikilte.”
Mank dòmi ka kontribye nan lòt pwoblèm sante, tankou estrès, obezite, pwoblèm ki gen rapò ak sante kè ak pwoblèm sante mantal tankou depresyon. “Pou timoun ak adolesan sa enkyetan espesyalman paske sèvo yo toujou ap devlope,” se sa Doktè Pavlova eksplike.
Paran adolesan ki afekte yo ka remake sentòm sa yo lakay pitit yo:
- Difikilte pou leve pou lekòl nan maten
- Anvi dòmi pandan jounen an
- Difikilte pou suiv kou lekòl oswa patisipe nan aktivite akoz fatig
- Pwoblèm memwa
- Difikilte pou pran dòmi jouk nan lè prekòs nan maten
- Dòmi jiska byen ta nan jounen an pandan wikenn yo
Kilè paran yo ta dwe enkyete? “Sa ki fè li tounen yon twoub se paske moun nan ap soufri,” se sa Doktè Pavlova eksplike. “Yo pa ka fonksyone nan travay oswa nan aktivite sosyal, epi yo pa ka viv yon lavi nòmal.” Si rezilta adolesan ou an nan lekòl, relasyon li ak lòt moun oswa atitid li afekte, kontakte pwofesyonèl sante ki bay li swen prensipal (PCP).
Ki sa ki lakòz twoub ritm sikadyen?
Chanjman lè nan sezon prentan ak otòn ka deklanche twoub ritm sikadyen. Pou rezon sa a, te gen diskisyon resan sou chanje sistèm nan. Ozetazini. Sena a te menm adopte yon pwojè lwa ane pase ki rele Sunshine Protection Act (pwojè lwa pou pwoteje limyè solèy la). Pwojè lwa sa a ta fè lè sezon ete a pèmanan, men li poko vin yon lwa.
Dapre Dr. Pavlova, “sa ap deplase nan move direksyon.” Lè sezon ete pèmanan t ap vle di mwens limyè lajounen pou maten sezon fredi yo, sa ki t ap afekte ritm sikadyen yo plis toujou—epi rann li pi difisil pou adolesan yo leve epi ale lekòl. Sa kapab fè depresyon sezonye vin pi grav tou. Lòt ekspè nan dòmi, gen ladan Sosyete pou Rechèch sou Rit Byolojik, dakò epi defann yon lè estanda pèmanan pito.
Twoub ritm sikadyen ka rive tou akoz abitid dòmi, mòd vi, travay oswa vwayaj ki lakòz gwo dekalaj lè. Laj, jèn oswa sèten pwoblèm sante ka jwe yon wòl tou.
Kijan yo prevni epi trete twoub ritm sikadyen?
Twoub ritm sikadyen kapab difisil pou rezoud. Konsèy sa yo kapab ede adolesan ou an prevni oswa jere yon twoub somèy:
- Sipleman melatonin: Melatonin se yon òmòn kò ou pwodui pou kontwole ritm sikadyen. Yon doktè ka detèmine ki lè ak ki dòz ou dwe pran li pou ede sik dòmi ou retounen nan bon lè.
- Terapi limyè: Ekspozisyon ak limyè kapab ede retabli ritm sikadyen ou. Si ou pa ka pase tan nan gwo limyè lajounen, yon bwat espesyal ki bay limyè ka ede ou nan maten.
- Bon ijyèn dòmi: Limite kafeyin ak alkòl, fè egzèsis regilyèman, epi suiv yon rejim alimantè ki an sante kapab ede amelyore somèy.
- Mòd nwa pou aparèy elektwonik: Pou adolesan ki itilize òdinatè oswa aparèy pou travay lekòl ak rezo sosyal, konsidere ajiste paramèt yo. Aparèy elektwonik emèt limyè ki gen konpozan ble, ki montre li afekte plis faz somèy la. “Anpil konpayi teknoloji ap rekonèt enpòtans pou kontwole konpozisyon limyè a.” Anpil nan aparèy sa yo kounye a gen mòd sonb, ki diminye kantite limyè ble ki emèt. Sa pa elimine l nèt, men sa ka ede,”se sa Doktè Pavlova eksplike.
- Orè dòmi ki regilye: Al dòmi epi leve nan menm lè chak jou, san gwo diferans ant jou lasemèn ak wikenn, ka ede w kenbe yon bon ritm sikadyen.
Konsèy ki anwo yo ka ede w adapte w lè nou pase nan lè sezon ete a tou. Semèn anvan yo avanse revèy yo, ou ka eseye al dòmi epi leve 15 a 20 minit pi prekòs chak jou.