Sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan sèvo (Sendwòm apre yon chòk nan sèvo)
Nan moun ki pran yon chòk nan tèt, pifò sentòm yo disparèt pandan premye kèk semèn apre blesi a. Men, anviwon 15% a 30% nan moun sa yo fè eksperyans sentòm ki dire pi lontan pase peryòd rekiperasyon yo te espere a. Yo te konn rele sa sendwòm apre yon chòk nan tèt oswa sendwòm ki vini apre yon chòk nan tèt. Kounye a, yo rele sa pi presizeman sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt.
“Sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt ka gen enpak sou plizyè domèn diferan nan lavi yon moun, tankou kapasite w pou fè travay lekòl oswa sosyalize ak zanmi,” se sa Daniel Daneshvar, MD, PhD, yon espesyalis nan blesi nan sèvo nan Mass General Brigham, di. “Sa kapab yon eksperyans ki fè w santi w izole tou si w pa refè osi vit yo te espere Ou ka santi w fristre, oswa enkyete w sou sa sa vle di. Li enpòtan pou w sonje ou pa pou kont ou, epi nou gen zouti pou kontwole ak trete sentòm ou yo sou tan pou ede w refè.”
Doktè. Daneshvar se ko-direktè chòk nan tèt nan espò nan Mass General Brigham epi li wè pasyan nan Spaulding Rehabilitation. Li ankouraje moun yo chèche swen pi vit posib aprè yon chòk nan tèt. Yon pwofesyonèl kalifye ka ede w retounen nan aktivite w yo pi vit posib, san danje.
Sentòm ki pèsiste aprè chòk nan tèt
Yon chòk nan tèt se yon blesi lejè nan sèvo ki rive apre yon fòs ekstèn oswa yon enpak sou tèt, kou oswa kò a. Kalite chòk sa a souvan asosye ak yon blesi nan espò, yon chit oswa yon aksidan.
Chòk nan tèt lakòz yon twoub tanporè nan fonksyònman sèvo a. Siy ak sentòm yon chòk nan tèt gen ladan yo:
- Pèt memwa ak/oswa konsyans (sa yo ra epi yo pa obligatwa pou fè yon dyagnostik)
- Maltèt (sa ki pi komen)
- Tèt vire, santi w pral endispoze ak/oswa pwoblèm pou kenbe balans.
- Pwoblèm pou wè (wè twoub oswa wè doub) oswa je w sansib ak limyè.
- Santi w konfonn, gen difikilte pou konsantre ak/oswa santi lespri w pa klè.
- Pwoblèm nan fason pitit ou eksprime emosyon li (fason pitit ou montre sa li santi)
- Dòmi plis oswa mwens pase nòmal, gen difikilte pou pran somèy oswa santi w fatige.
Sentòm chòk nan tèt ka dire plizyè jou, semèn, mwa, epi, nan ka ki ra, plizyè ane. Ou ka gen sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt si sentòm ou yo dire plis pase 3 a 4 semèn.
Anplis kèk nan sentòm ki anwo yo, sentòm chòk nan tèt ki dire lontan ka gen ladan yo tou:
Yon doktè ap egzamine yon jèn fi pou wè si li fè yon chòk nan tèt.
Ki sa ki lakòz sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt?
Yo pa byen konprann poukisa sentòm yo pafwa pèsiste apre yon chòk nan tèt, epi chèchè yo pa konnen poukisa yo afekte kèk moun men yo pa afekte lòt moun. Sepandan, sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt sanble pi komen lakay moun ki te deja gen:
- Anksyete oswa depresyon
- Maltèt migrèn
- Pwoblèm aprantisaj, tankou twoub defisi atansyon/iperaktivite (ke yo rekonèt kòm ADD oswa ADHD)
Moun ki jwe sèten espò kontak yo gen yon pi gwo risk pou yo pran chòk nan tèt. Espò sa yo genyen ladan yo:
Sepandan, pa gen okenn prèv ki montre sentòm ki pèsiste apre yon chòk nan tèt pi komen lakay atlèt yo.
Dyagnostike sentòm ki pèsiste aprè yon chòk nan tèt
Pa gen yon sèl tès ki ka konfime yon chòk nan tèt. Se poutèt sa, swiv sentòm ou yo epi di pwofesyonèl sante w la sa w remake. Doktè yo fè dyagnostik la selon konbyen fwa sentòm yo parèt, jan yo grav, konbyen tan yo dire ak rezilta egzamen an.
Doktè. Daneshvar kontwole sentòm yo sou tan avèk Echèl Sentòm Aprè Chòk nan Tèt (PCSS). Zouti a se yon kesyonè ki mande w evalye gravite sentòm w yo. Nan chak vizit swivi, Doktè Daneshvar sèvi ak PCSS la, yon echèl pou evalye sentòm apre yon chòk nan tèt, pou swiv pwogrè pasyan yo.
Li fè egzamen yo plizyè fwa tou pou evalye:
- Kapasite sèvo a pou reflechi
- Fonksyon nè nan sèvo a (nè ki ede w goute, pran sant, tande ak santi bagay, epi ede w fè ekspresyon ak figi w ak deplase kò w)
- Mouvman je
- Fòs misk yo, sansasyon ak reflèks
- Balans
Chòk nan tèt yo pa yon blesi pèmanan—sentòm yo rezoud ak tan, menm si yo dire pi lontan pase nòmal. Yon espesyalis nan chòk nan tèt travay avè w pou jere yo epi fè w retounen nan espò oswa lòt aktivite pi vit ak pi an sekirite posib.
Daniel Daneshvar, MD, PhD
- Brain Injury Specialist
- Mass General Brigham
Trete sentòm apre yon chòk nan tèt
Yon doktè oswa yon espesyalis nan chòk nan tèt ka ede w detèmine sa pou w fè si sentòm chòk nan tèt yo pèsiste. Tretman an varye anpil selon rezilta egzamen w lan ak bezwen endividyèl ou.
“N ap kòmanse pa trete sentòm ki pi grav ou yo. Nou ka fè sa avèk terapi espesyalize, rekòmandasyon aktivite, ak entèvansyon ki gen ladan l medikaman,” se sa Doktè Daneshvar di. “Chanjman nan fason w viv ki fèt selon rekòmandasyon medikal, tankou fè egzèsis chak jou epi kontinye patisipe nan aktivite sosyal, yo trè efikas pou diminye sentòm yo epi ede w retounen nan nòmal.”
Doktè. Daneshvar rekòmande terapi fizik ak aktivite ayewobik. Li souliye enpòtans pou w fè egzèsis chak jou ki fè batman kè w ogmante, pandan w ap diminye risk pou w blese sèvo w ankò. Sonje rete aktif fizikman ak sosyalman. Objektif la se ede w viv lavi w nan fason ki pi nòmal posib.
Kilè mwen ka retounen fè espò apre sendwòm apre yon chòk nan tèt?
Doktè w ap travay avè w pou kreye yon plan reyabilitasyon endividyalize pou w retounen an sekirite nan espò oswa lòt aktivite.
Selon sentòm ou yo, jan yo grav ak konbyen tan yo dire, doktè w yo ka voye w bay lòt espesyalis, tankou:
- Terapi pou amelyore mouvman kò w oswa aktivite chak jou w yo, ki ka ede w ak balans, doulè ak aktivite chak jou
- Terapi lapawòl
- Espesyalis sante mantal oswa espesyalis nan fonksyònman sèvo a pou ede w ak difikilte pou reflechi oswa chanjman nan imè w
- Yon espesyalis nan sistèm nève a, si maltèt yo pèsiste
- Espesyalis je ki trete pwoblèm ki gen rapò ak sèvo a oswa espesyalis zòrèy, nen ak gòj pou pwoblèm vizyon, tèt vire oswa balans ki dire lontan
“Chòk nan tèt pa blesi pèmanan—sentòm yo disparèt avèk tan, menm si yo dire pi lontan pase nòmal,” Doktè. Daneshvar di. “Yon espesyalis nan chòk nan tèt travay avè w pou jere sentòm yo epi ede w retounen nan espò oswa lòt aktivite pi vit posib, san danje.”