false

Pwogrè nan tretman ak rechèch sou Maladi Alzheimer

Yon fanm, yon gason, ak yon timoun ap fè pòz foto ansanm, pandan y ap souri
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/2998028

Ou bliye kote ou mete kle w, oswa non yon moun ou konnen ke w te rankontre deja, oswa ou pèdi nan yon espas kote ou abitye. Èske ou jis distrè oswa lespri ou yon lòt kote? Oswa èske sa ta ka yon siy ke w ap devlope pwoblèm memwa? Kilè ou dwe enkyete w?

Bliye detanzantan fè pati pwosesis nòmal vyeyisman—epi nan lavi moun. Men, pwoblèm memwa ki pi grav ki deranje lavi w chak jou ka yon siy twoub newokonyitif.

Youn nan fòm twoub newokonyitif ki pi komen se maladi Alzheimer. Alzaymer afekte plis pase 6 milyon Ameriken, dapre Enstitisyon Nasyonal Vyeyisman (NIA). Pandan popilasyon an kontinye ap vyeyi, li posib pou kantite sa a ap ogmante.

“Nou bezwen pi byen konprann kijan Alzheimer devlope. Nan Mass General Brigham, n ap chèche kòz fondamantal yo. Konesans sa a ta dwe ede nou jwenn tretman ki pi efikas,” se sa Teresa Gomez-Isla, MD, yon newològ nan Mass General Brigham di. Doktè. Gomez-Isla se direktè Divizyon Memwa nan Massachusetts General Hospital, kote li pran swen pasyan yo.

“Malgre nou poko gen yon gerizon, gen espwa, se sa li ajoute.

Kisa ki maladi Alzheimer a?

Yo bay maladi Alzheimer a pote non Doktè Alois Alzheimer. Li te idantifye maladi a an premye an 1906 apre li te fin egzamine sèvo yon fanm ki te mouri ak yon maladi mantal enkoni. Li te remake lezyon etranj, boul, ak fib anmele nan tisi sèvo a.

“Jodi a nou rele lezyon nan sèvo sa yo plak amiloyid ak anmèlman neuwofibrilè. Plak ak anmèlman yo kontinye konsidere kòm lezyon karakteristik maladi Alzheimer a,” se sa Doktè Gomez-Isla di.

Plak ak lezyon yo domaje zòn nan sèvo a ki kontwole memwa, rezònman, langaj, ak konpòtman sosyal.

Alzheimer anjeneral afekte moun ki gen plis pase 65 lane. Maladi Alzheimer prekòs la ra, men li ka afekte moun depi nan laj 30 lane.

Ki sa ki lakòz maladi Alzheimer?

Yo pa konnen kòz egzat maladi Alzheimer a. Li posib pou plizyè faktè diferan konbine, olye yon sèl kòz byen defini. Faktè sa yo ka enkli:

  • Chanjman nan sèvo ki gen rapò ak laj
  • Antesedan familyal oswa jenetik
  • Faktè anviwònman, tankou ekspoze ak pwodui chimik
  • Faktè vi, tankou nivo aktivite fizik

Avèk medikaman ki fenk disponib yo ak yon pi bon konpreyansyon sou orijin maladi Alzheimer a, nou ka amelyore lavi pasyan yo ak moun k ap pran swen yo toupatou.

Teresa Gomez-Isla, MD

  • Newològ, Mass General Brigham

Ki sentòm maladi Alzheimer a?

Sentòm yo ka sibtil nan premye etap yo epi yo varye de yon moun a yon lòt. Siy ak sentòm maladi Alzheimer nan premye jiska mitan etap yo ka gen ladan yo :

  • Pèt memwa
  • Konfizyon
  • Difikilte ak travay chak jou
  • Chanjman nan atitid ak pèsonalite
  • Ogmantasyon enkyetid, depresyon, oswa agresivite
  • Difikilte pou pale oswa kominike
  • Chanjman nan modèl dòmi

“Pandan maladi a ap pwogrese, pèt memwa ak konfizyon vin pi aparan. Moun yo ka menm gen pwoblèm pou rekonèt manm fanmi yo oswa zanmi yo,” se sa Doktè Gomez-Isla di.

Tretman maladi Alzheimer

Pandan ke pa gen okenn gerizon pou Alzheimer, gen sèten medikaman ki ka ede jere sentòm maladi a. Plis dènyèman, nouvo medikaman yo te apwouve pa mwayen FDA a pou pasyan ki nan premye etap maladi a. Medikaman sa yo diminye plak amiloyid nan sèvo a epi yo ka ralanti pwogresyon maladi a. Rechèch sou medikaman Alzheimer ki pi efikas yo ap kontinye e anpil lòt medikaman ap teste kounye a nan esè klinik.

“Chak moun inik, e moun yo reyaji yon fason diferan ak medikaman sa yo. Sa ka pran kèk tan pou jwenn bon medikaman ak dòz ki apwopriye pou ou oswa pou moun ou renmen an,” se sa Doktè Gomez-Isla.

Rechèch sou maladi Alzheimer

Doktè Gomez-Isla ak kòlèg li yo nan Mass General Brigham ap etidye fason pou pi byen dyagnostike ak trete maladi Alzheimer. “Nou espere sèvi ak konesans sa a pou predi kiyès ki pral devlope maladi a, epi devlope terapi pou retade oswa anpeche li,” se sa li eksplike.

Yon etid resan te revele ke moun ki gen difikilte pou itilize yon meni telefòn senp ka gen risk pou fè maladi Alzheimer. “Done yo ki soti nan etid sa a montre nou ka idantifye epi trete moun menm anvan yo montre sentòm grav.” se sa Doktè Gomez-Isla di.

Mass General Brigham te fè yon etid alontèm tou sou yon gwo fanmi Kolonbyen ki gen yon istwa Alzheime ki parèt bonè akòz yon mitasyon jenetik. Rezilta etid sou moun ki pote mitasyon yo montre ke plak amiloyid la te prezan lakay moun 15 lane anvan yo kòmanse montre sentòm.

“Etid pyonye sa yo ban nou yon pi bon konpreyansyon sou maladi a. Yo ofri tou endis kle potansyèl pou devlope tretman nan lavni ki ka pwoteje moun pou yo pa janm devlope maladi Alzheimer a,” se sa Doktè Gomez-Isla di.

Èske gen yon fason pou anpeche maladi aAlzheimer a?

“Paske nou pa konnen sa ki lakòz maladi Alzheimer a, nou pa sèten kijan pou nou anpeche li,” se sa Doktè Gomez-Isla.

Fè chanjman nan vi an sante ka ede diminye risk pou ou devlope maladi alzayme a. Men sa ou ka fè:

Pandan ke anpil bagay sou kòz maladi Alzheimer a rete enkoni, nouvo rechèch ak nouvo tretman yo vle di ka gen plis opsyon pou pasyan yo nan lavni.

“Avèk medikaman ki fèk disponib yo ak yon pi bon konpreyansyon sou orijin maladi Alzheimer a, nou ka amelyore lavi pasyan yo ak moun k ap pran swen yo toupatou,” se sa Doktè Gomez-Isla.

primary
internal
Aprann kijan tansyon wo lye ak pèt memwa
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/hypertension-and-memory-loss