Tès depistaj osteyopowoz: Sa pou w konnen:
Kalsyòm ak lòt mineral nan zo w yo ede kenbe yo fò, men sa yo diminye pandan w ap pran laj. Sa ka lakòz zo w yo vin fèb epi frajil, sa ki mennen nan yon kondisyon yo rele osteyopowoz—anpil moun pa rann yo kont yo genyen sa jiskaske yo kase yon zo.
“Nou fè tès depistaj pou osteyopowoz ak yon eskanè dansite zo—yon tès espesyal ki sèvi ak radyografi pou mezire kantite mineral ki nan zo w yo,” di Sharon Chou, MD, yon andokrinològ nan Mass General Brigham. “Eskanè rapid sa a ede nou konprann risk ou genyen pou zo w kase.”
Doktè. Chou, ki pran swen pasyan nan Brigham and Women’s Hospital, eksplike plis sou eskanè dansite zo, ak kiyès ki ta dwe fè yo, sa pou w atann nan randevou w, ak ki faktè ki ogmante risk ou pou osteyopowoz.
Kiyès ki bezwen tès depistaj dansite zo?
Doktè yo fè tès depistaj pou osteyopowoz sou pasyan ki pi gran yo ak yon eskanè dansite zo kòm yon pati nan tès depistaj sante woutin. Yo ka fè tès depistaj tou sou pasyan ki an risk pou osteyopowoz pou lòt rezon, kòm yon prekosyon. Si w gen osteyopowoz oswa yon lòt kondisyon zo, doktè w ka itilize eskanè dansite zo a pou kontwole tretman w.
Doktè w la ka mande yon eskanè dansite zo si:
- Ou fèk gen yon zo ki kase oswa ou ka gen risk pou zo w kase alavni.
- W ap kontwole yon kondisyon sante deja epi ou bezwen anrejistre pousantaj pèt zo ou.
- Ou pran sèten medikaman ki ka ogmante risk ou pou osteyopowoz.
Kijan yon tès dansite zo fonksyone?
Yo itilize yon pwosesis radyografi espesyal ki rele DXA oswa DEXA pou tès dansite zo. DXA vle di “dual-energy X-ray absorptiometry, sa vle di absòpsyon radyografi ak doub enèji".
Egzamen DXA yo sanble ak radyografi òdinè epi yo itilize ti kantite radyasyon pou eskane kò ou. Egzamen an mezire konbyen kalsyòm ak lòt mineral ki nan zo ou, anjeneral nan anch ou ak nan kolòn vètebral ou. Se nan zòn sa yo ka rive ka zo kase ki pi grav ak pi andikapan akoz osteyopowoz.
“Pandan egzamen an, ou kouche sou yon tab, epi eskanè a anlè ou. Li ouvè plis ke yon MRI, kidonk ou pa ta dwe santi w fèmen nan yon espas etwat,” Doktè Chou di.
Egzamen an mezire dansite mineral zo ou nan de kalite nòt:
- Nòt T: Sa a konpare dansite zo ou ak dansite zo mwayèn fanm ki gen 20 lane, lè ou gen plis dansite zo (oswa lè ou rive nan pik dansite zo ou). Founisè swen sante yo itilize nòt sa a pou fanm apre menopoz ak gason ki gen 50 lane oswa plis.
- Nòt Z: Sa a konpare dansite zo ou ak dansite zo mwayèn pou moun ki an sante nan gwoup laj ou. Founisè swen sante yo anjeneral itilize nòt sa a pou fanm anvan menopoz, gason ki gen mwens pase 50 an, ak timoun.
Konprann nòt T ou
Nòt T ou a ede founisè swen sante yo konprann risk osteyopowoz ak ka zo kase nan fanm apre menopoz ak gason ki gen 50 lane oswa plis. Yon nòt T ki pi ba (ki pi negatif) vle di ou gen yon pi gwo risk pou zo kase.
Nòt T ou a tonbe nan 3 kategori:
- Nivo dansite zo ki an sante: - 0 oswa plis
- Dansite zo ki ba (oswa osteopeni): -1.1 a -2.4
- Osteyopowoz: -2.5 oswa mwens
Konbyen tan yon tès dansite zo pran?
Eskanè radyasyon ki ba sa yo anjeneral pran nenpòt kote ant 10 a 30 minit.
Kijan pou w prepare pou yon eskanè DXA
Founisè w la eksplike sa pou w atann anvan eskanè dansite zo w la. Ou pa bezwen prepare anpil bagay anvan randevou w la, men men kèk bagay pou w kenbe nan tèt ou:
- Manje ak bwè: Manje epi bwè jan w konn fè nòmalman nan jou tès ou a.
- Sipleman ak medikaman: Asire w ou pa pran sipleman kalsyòm pou omwen 24 èdtan anvan tès ou a. Pa gen pwoblèm pou w pran medikaman nòmal ou yo.
- Rad: Mete rad ki lach epi ki konfòtab, de preferans san metal tankou zip, bouton, oswa soutyen ki gen ti fè anba. Metal entèfere ak mezi dansite zo a. Teknisyen w lan ka mande w tou pou w retire linèt ou oswa bijou w.
- Gwosès: Fè founisè w la konnen si gen nenpòt posiblite pou w ansent. Yo ka tann jiskaske apre w fin akouche pou w fè egzamen w lan.
- Kontras: Fè founisè w la konnen si w te fè yon egzamen ak baryòm oswa yon kontras IV pou yon eskanè CT oswa yon eskanè radyoizotòp dènyèman. Ou ka oblije tann 10 a 14 jou anvan w fè yon tès dansite zo.
Osteyopowoz la ka trete, men li enpòtan pou nou konprann risk ou pi bonè olye pou n tann pita pou ede anpeche zo kase.
Sharon Chou, MD
- Andokrinològ
- Mass General Brigham
Faktè risk pou osteyopowoz
Anpil faktè ka enfliyanse risk ou pou osteyopowoz. “Laj, sèks, ak itilizasyon sèten medikaman se prensipal faktè ki kontribye nan osteyopowoz, men lòt faktè jenetik ak fòm vi kapab jwe yon wòl tou,” Doktè Chou eksplike.
Faktè ki deja konnen ki ogmante risk ou pou zo kase/osteyopowoz gen ladan l:
- Laj ki depase 65 lane
- Sèks (fanm oswa moun yo te bay sèks fi nan nesans yo gen plis risk pi bonè)
- Jenetik, ak yon istwa fanmi ki gen ka zo anch kase
- Istwa ka zo kase apre laj 50 lane
- Terapi ak estewoyid (prednizon) pou plis pase 3 mwa
- Menopoz bonè
- Endis mas kò (BMI) ki ba
- Fimen
- Itilizasyon twòp alkòl
Laj ak sèks
Laj ak sèks detèmine risk yon moun pou osteyopowoz plis pase nenpòt lòt faktè. Risk pou moun devlope osteyopowoz ogmante lakay fanm ak gason ki gen plis pase 50 an, paske kò yo pa pwodui ase nouvo zo ankò pou konpanse vitès zo yo ap pèdi natirèlman avèk tan.
Fanm devlope osteyopowoz pi bonè ke gason paske chanjman òmon nan menopoz lakòz yon pèt zo akselere. Fanm anjeneral gen zo ki pi piti ak mwens dans ke gason yo.
Chanjman òmòn
òmòn yo, espesyalman pou fanm, ka jwe yon gwo wòl nan devlopman osteyopowoz.
Apre menopoz, kò fanm sispann pwodwi yon òmòn yo rele estwojèn, ki jwe yon wòl esansyèl nan metabolis zo yo. Sa akselere pwosesis pèt dansite zo pandan w ap pran laj. Pran terapi ranplasman òmòn (HRT) apre menopoz ka ede anpeche pèt zo epi diminye risk zo kase.
Gason ki gen kondisyon ki lakòz nivo òmòn testostewòn yo ba gen plis risk pou pèdi dansite zo. Pran terapi ranplasman testostewòn (TRT) ka ede konsève nivo dansite mineral zo ki an sante lakay gason, men li ka pa diminye risk zo kase.
Kondisyon sante kwonik
Kondisyon ki ogmante risk pou devlope osteyopowoz gen ladan l:
- Atrit rimatoyid
- Dyabèt
- Malabsòpsyon nan trip
- Kondisyon tiwoyid
- Maladi ren
- Maladi fwa
Nitrisyon ak aktivite fizik
Nitrisyon ak aktivite fizik jwe tou yon wòl enpòtan nan dansite zo. Gen kèk vitamin ak mineral esansyèl nan rejim alimantè ou ki ka ede kenbe dansite zo ou.
Kalsyòm ak vitamin D esansyèl, epi si ou pa jwenn ase ladan yo, sa ogmante risk ou pou osteyopowoz. Pran sipleman vitamin D ak kalsyòm epi rete aktif nan fè egzèsis toutan, tankou mache ansanm ak egzèsis pou ranfòse misk ou, ka ede diminye risk ou.
Medikaman ki lye ak pèt dansite zo
Chèchè yo lye plizyè medikaman ak pèt dansite zo. Sa ki pi komen yo se:
- Medikaman esteroyid, tankou prednizon ak dexametazòn
- Antidepresè
- Medikaman pou asid
- Kèk medikaman kansè
Pale ak founisè ou sou tès depistaj osteyopowoz la
Tès dansite zo ak eskanè DXA se pwosedi yo itilize souvan pou mezire dansite zo. Founisè swen prensipal (PCP) ou a ka refere w nan yon lopital oswa yon lòt kote ki ofri sèvis la.
“Si ou gen plis pase 50 lane epi ou gen nenpòt faktè risk, mande PCP ou a sou tès depistaj osteyopowoz la,” Doktè Chou di. “Osteyopowoz la trete, men li enpòtan pou nou konnen risk ou pi bonè olye ke pita, pou anpeche zo kase.”