false

Kijan mwen ka anpeche blesi pandan m ap danse?

Yon dansè gason k ap pratike woutin breakdance li deyò
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3002816

Dans se alafwa yon atizay ak yon espò. Dènyèman, espesyalis nan medsin dans ak medsin espò kòmanse travay ansanm pou ede dansè yo danse an sekirite epi bay pi bon pèfòmans yo.

“Nan chak nivo, ekspresyon atistik nan dans souvan mande swa mouvman ki rive nan limit kapasite kò a, swa aktivite atletik ki repete anpil. Menm jan ak nan lòt espò, sa ka ogmante risk pou dansè yo blese lè yo fè menm mouvman twòp fwa, lè yo fè mouvman yo mal oswa lè yo blese bridsoukou,” Doktè Lauren Elson, yon espesyalis nan medsin dans nan Mass General Brigham, di.

Doktè. Elson dirije Pwogram Medsin Dans nan Spaulding Outpatient Center Boston.

Kalite blesi yon dansè ka genyen depann de kalite dans li pratike ak mouvman koregrafi li fè. Doktè. Elson esplike kijan tout dansè ka jwenn avantaj nan yon bon plan pou kenbe kò yo anfòm epi pran swen sante yo.

Blesi ki kouran nan dans

Chak kalite dans ka ogmante risk pou dansè yo fè sèten kalite blesi. Pa egzanp:

  • Tout dansè gen tandans ekspoze a risk blesi akoz twòp itilizasyon, ki rive lè yon dansè plede fè menm koregrafi a oswa menm mouvman an anpil fwa. Pami blesi dansè konn genyen lè yo fè menm mouvman twòp fwa, gen sendwòm patelofemoral (doulè toutotou rotul jenou a), enflamasyon tandon Achilles la ak ti ka zo kase akoz presyon repete nan pati anba do a.
  • Dansè balè yo souvan gen jwenti ki deplase plis pase nòmal, pa egzanp, kò yo ka pliye twòp. Sa ogmante risk pou yon zo soti nan jwenti li.
  • Dansè k ap fè dans kontanporen yo gen doulè nan jenou ak doulè nan pati anba do pi souvan.
  • Ni dansè kontanporen yo ni dansè balè yo gen tandans gen plis blesi nan pye ak nan cheviy.
  • Nan dansè lari yo, tankou moun k ap pratike nouvo espò Olympic Breaking la, Doktè Elson wè plis blesi nan kou, epòl, ak nan wo do. Yo ka fè blesi toudenkou tou, tankou antòs ak ligaman ki chire, paske mouvman dans yo pi bridsoukou epi yo fèt san planifikasyon.

Chofe kò w ak mouvman dans, epi detire kò w lè w fini

“M te grandi ap danse, epi nan epòk la, tout moun te panse detire kò w se yon bagay ou fè anvan klas, epi nou tout te konn al chita ak janm nou ekate sou kote. Men kounye a nou konnen sa pa bon pou nou,” Doktè Elson di. “Non sèlman li pa ogmante fleksibilite, men li ka menm fè nou vin pi fasil pou nou blese. Kounye a, nou konnen, dapre literati medsin espò a, lòd ki kòrèk la se fè yon echofman dinamik anvan klas oswa repetisyon.”

Li konseye w kòmanse ak ti mouvman, epi fè mouvman ki pi gwo tank kò w ap chofe. Pa egzanp, kòmanse ak respirasyion epi ak woule zepòl ou oswa yon salitasyon solèy yoga. Apre sa, mache sou plas, kouri dousman sou plas epi fè kèk sote kote w louvri bra w ak janm ou pou fè kè w bat pi vit. Apre sa, ou ka fè kèk ponp ak kèk egzèsis pou vant ou.

Doktè. Elson di sa itil anpil tou lè w woule yon boul tenis oswa yon boul yo itilize nan metòd Franklin anba pye w oubyen sou lòt pati nan kò w ki rèd. Sa ede san ak oksijèn sikile pi byen nan zòn sa yo.

Tann fen chak seyans pou w detire kò w. Konsantre sou mis ki pliye anch ou, mis devan kwis ou, mis dèyè pati anba janm ou ak pati anba do w.

Anpil elèv dans ap grandi toujou, epi zo yo ap grandi pi vit pase mis yo. Lè y ap eseye fè bagay yo pa t kapab fè anvan oswa bagay yo wè kanmarad yo oswa moun nan televizyon ap fè, yo souvan eseye fòse kò yo nan fason yo pa ta dwe fè l.

Lauren Elson, MD

  • Dance Medicine Specialist, Mass General Brigham

Lòt kalite egzèsis ak egzèsis fòs pou dansè

“Pa gen okenn kalite dans ki fè tout mis nan kò a travay yon fason ekilibre. Se poutèt sa, li trè enpòtan pou nou fè efò pou nou gen yon kondisyon fizik ki konplè,” Doktè Elson di.

Li ankouraje dansè yo pou yo pratike antrènman fòs ak lòt kalite egzèsis kondisyon fizik kòm yon pati nan yon plan konplè ki konsidere tout kò a. Etid yo montre dansè ki fè antrènman kwaze gen mwens blesi epi yo bay pi bon pèfòmans.

Doktè. Elson rekòmande estrateji kle sa yo:

  • Fè egzèsis fòs regilyèman. Dansè yo ka itilize anpil pou ranfòse mis yo. Ou ka sèvi ak aparèy pou leve pwa, pwa ou leve ak men w, altè long, pwa kò w ak bann elastik.
  • Konsantre sou mis santral ou. Anpil egzèsis ka travay mis santral ou. Doktè. Elson di ou ka teste fòs mis santral ou avèk tès avyon an. Kanpe ak pye yo an paralèl, epi panche soti nan ranch ou pandan w ap pliye yon janm, epi lonje lòt janm nan dwat dèyè, pandan w ap voye bra w tou dousman epi w ap desann yo nan direksyon tè a. Sa ka ede w wè si w kapab deplase janm ou san basen w pa bouje, oswa deplase basen w pandan janm ou rete anplas.
  • Fè egzèsis pou ranfòse kè w ak poumon w. Elson raple dansè yo pou yo pa neglije egzèsis kadyovaskilè. Egzèsis kadyovaskilè ka ede w ogmante andirans ou epi diminye fatig, ki souvan se youn nan faktè ki lakòz blesi.
  • Fè atansyon ak jenou ou ansanm ak pye ou. Li ankouraje dansè balè yo pou yo asire yo jenou yo rete dirèkteman anlè zòtèy yo. Sa enpòtan pou tout kalite dansè tou, Doktè Elson di. Pa kite jenou yo pliye sou anndan ni vire sou deyò. Epi veye pou vout pye w pa aplati lè w kanpe sou yo.
  • Ranfòse pye w, anch ou ak mis ki sou bò dèyè anch ou yo. Chwazi egzèsis ki santre sou mis sa yo, ki enpòtan espesyalman pou dansè yo.
  • Fè egzèsis tou pou detire epi lonje mis ou. Egzanp espesifik yo enkli pilat ak jiwotonik. Metòd egzèsis Gyrotonics sèvi ak mouvman kote w vire kò w ak ekipman espesyal pou amelyore fòs ou, kapasite w pou pliye kò w ak kowòdinasyon w.

Doktè. Elson ankouraje dansè yo pou yo peye atansyon ak jan yo santi yo nan kò yo.

“Ou ta dwe santi w trè alèz. Ou pa ta dwe santi w ap fòse anyen,” li di. “Olye w annik egzekite yon mouvman, reflechi sou jan ou santi w pandan w ap egzekite mouvman an. Nou rele sa kapasite pou w santi sa k ap pase nan kò w.”

Konsantre sou sante jeneral dansè a

Doktè. Elson vle dansè yo adopte yon apwòch ki pran an konsiderasyon tout aspè sekirite yo. Li mande yo pou yo:

  • Danse sou sifas ki san danje otank posib. Planche an beton yo pi di pou kò w, pa egzanp. Si w ap sote anpil, li pi bon pou w danse sou planche ki amorti enpak lè w ateri.
  • Fè yon jan pou w dòmi ase: omwen 8 èdtan chak swa.
  • Pran 1 oswa 2 jou repo pa semèn.
  • Manje manje ki bon pou sante w epi jwenn ase kalori pou ede mis ou refè epi vin pi solid. Fwi sèk ak nwa se bon ti goute pou dansè, li ajoute.
  • Rete idrate. Bwè anpil dlo. Lè w ap swe anpil, bwè tou yon bwason ki ede ranplase sèl kò w pèdi.
  • Mete soulye ki bon pou kalite dans ou fè a. Ou ka bezwen mande yon espesyalis konsèy. Ranplase soulye ou lè yo vin twò piti pou ou oswa lè yo fin ize.

Kilè pou w wè yon doktè pou yon blesi nan dans

Si ou fè yon blesi nan dans epi ou pa ka sipòte pwa kò w, chèche swen medikal. Sinon, si w pran “yon ti zòk,” Doktè Elson di li rezonab pou w repoze pandan kèk jou epi mete zòn k ap fè w mal la wo. Si blesi a pa amelyore apre kèk jou, pale ak yon pwofesyonèl swen sante.

Pa janm kontinye danse malgre doulè, ni tann jiskaske doulè a vin tèlman grav ou pa ka danse jan w vle a.

“Lè sa rive, li pa jeneralman yon sèl bagay k ap fè w mal — se 6 bagay k ap fè w mal paske w ap konpanse depi twò lontan,” Doktè Elson di.

Li ankouraje dansè yo pou yo pale ak yon pwofesyonèl sante nenpòt lè yo remake nenpòt bagay ki pa nòmal nan fason yo fè mouvman yo.

“Dansè yo souvan pa chèche swen medikal paske yo pè pou yo pa di yo sispann danse oswa yo pa panse gen anyen ki ka fèt pou ede yo,” li di. Men, li pa fasil pou yon espesyalis di w sispann danse. Yo ka ede w modifye epi korije mouvman w yo pou w refè apre yon blesi epi, alafen, amelyore pèfòmans ou.

Prevansyon blesi lakay jèn dansè yo

Doktè. Elson avèti jèn dansè yo pou yo pa fè twòp antrènman dans. Timoun yo pa ta dwe danse plis èdtan pa semèn pase laj yo, li ajoute. Pa egzanp, yon timoun ki gen 8 an pa ta dwe danse plis pase 8 èdtan pa semèn.

“Anpil elèv dans ap grandi toujou, epi zo yo ap grandi pi vit pase mis yo,” li di. “Lè y ap eseye fè bagay yo pa t kapab fè anvan oswa bagay yo wè kanmarad yo oswa moun nan televizyon ap fè, yo souvan eseye fòse kò yo nan fason yo pa ta dwe.”

primary
internal
Aprann plis sou sèvis Medsin Espòtif Mass General Brigham yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine