false

Fason pou Jwenn Soulajman pou Atwoz Jenou

Yon gason k ap santi doulè nan jenou.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3007952

Osteyoatrit rive lè katilaj la, yon tisi pwoteksyon ki nan pwent zo yo, kòmanse fini oswa degrade avèk tan. Sa ka lakòz doulè epi jwenti yo vin rèd, sitou nan jenou yo.

Katilaj ki nan jenou an sanble anpil ak wout pave nou konn kondwi sou yo,” esplike li. Michael Kolosky, DO, yon chirijyen òtopedik espò nan Mass General Brigham epi direktè medikal Pwogram Misikilè ak Zo yo (Musculoskeletal Program) nan Salem Hospital. Yon wout ki fèk pave bèl epi li byen lis; li trankil, epi se yon plezi pou kondwi sou li. Men, avèk tan, wout sa a ap vin gen fant ak kèk twou ladan l. Epi se egzakteman sa osteyoatrit jenou ye — avèk itilizasyon kontinyèl ak tan, sifas sa a kòmanse degrade.

Knee pai ka fè li difisil pou ou rete aktif. Li ka menm vin difisil pou ou fè aktivite ou chak jou oswa leve soti nan kabann nan maten.

Si ou gen difikilte pou monte eskalye, pase soti nan pozisyon chita pou kanpe, antre ak soti nan yon machin, oswa si ou remake yon sansasyon fwotman ki fè mal, klike oswa son pete nan pati devan jenou ou, sa ka yon siy ki montre katilaj ki nan devan jenou an kòmanse degrade,” se sa Doktè Kolosky di.

Men, menm si ou gen sentòm atwoz jenou, gen toujou estrateji ki ka ede kenbe jenou ou an pi bon sante epi ede yo deplase pi byen. Yon jwenti ki estab ak fò se yon jwenti ki an sante, ki gen mwens doulè, mwens enflamasyon ak mwens anflamasyon, se sa Doktè Kolosky esplike.

Pèdi pwa pou soulaje doulè nan jenou

Etid yo montre ke pèdi pwa ka amelyore jenou ki fè mal anpil. Gen kèk rechèch ki montre ke chak 1 liv pèdi pwa retire 4 liv presyon sou jenou nou, jan Arthritis Foundation site sa.

Estrès jenou nou fè fas ak aktivite yo souvan eksponansyèl. Lè n ap kouri epi sote, fòs la ka rive jiska 8 fwa pwa kò nou atravè jwenti nou yo,Doktè Kolosky eksplike. Kidonk, chak liv pèdi pwa ka gen yon efò pwofon sou kantite fòs ki sou jwenti yo.

Fè egzèsis ak antrennman kwaze pou jere atwoz jenou

Yon lòt estrateji enpòtan pou jere doulè atwoz jenou se rete aktif. Egzèsis ka ede tout misk ki ozalantou jwenti jenou an travay ansanm ankò. Sa ap fè, yo bèl, epi fò, sa ki pral bay plis estabilite ak pi bon soulajman doulè, nan jwenti a, se sa Doktè Kolosky di.

Li enpòtan pou varye kalite aktivite w ap fè, sa yo rele antrennman kwaze (cross-training). Si ou se yon kourè ki vle kouri 20 mil pa jou, 7 jou pa semèn, chak jou nan mwa a, jwenti a pral abime pi vit. Men, yon vi sedantè pa bon menm jan an tou, se sa Doktè Kolosky eksplike.

Li rekòmande pou enkòpore antrennman kwaze nan woutin egzèsis ou sitou ajoute aktivite ki gen ti enpak tankou naje, mache, ak monte bisiklèt pou balanse aktivite ki gen gwo enpak. Sa a enpòtan anpil pou kenbe sante fizik ak sante kè nou epi pwolonje sante jwenti jenou nou.

Pwogram reyabilitasyon sa yo fèt pou ede blese a, men tou pou fè w tounen yon pi bon atlèt epi diminye risk pou doulè sa a afekte w alavni. Ou ka itilize sa kòm yon opòtinite pou w vin yon pi bon atlèt, kouri pi vit, sote pi wo, vin pi fò. Anpil atlèt soti nan terapi fizik nan yon pi bon eta pase lè yo te antre.

Michael Kolosky, DO

  • Chirijyen Espò òtopedik
  • Mass General Brigham

Fè egzèsis etann pou ede anpeche doulè nan jenou

Souvan, doulè nan jenou koze oswa vin pi grav akoz misk ki sere alantou jwenti a. Etann misk ki antoure jenou an anvan ak apre egzèsis se yon etap enpòtan tou. Doktè Kolosky rekòmande pou moun ki aktif fè egzèsis etann pou chak misk sa yo (sou tou de bò) pandan 10 segonn chak:

  • Kwadrisèps (quadriceps), nan devan kwis yo
  • Misk dèyè kwis (hamstrings), nan dèyè kwis yo
  • Misk dèyè (calves), dèyè anba janm yo
  • Misk nan vant (core)

Si misk yo pa fleksib, pafwa jwenti jenou an pap deplase byen, se sa li di. Sa pa mande anpil bagay pou mete kò a nan yon bon pozisyon. Dedye jis yon ti tan pou fè egzèsis sa yo, chofe kò a byen epi yon poz apre, ka ede anpil nan anpeche blesi ak doulè

Anplis de sa, li sijere mete glas sou jenou ki fè mal pandan 20 minit apre egzèsis fizik.

Chwazi yon bon fondasyon pou egzèsis fizik: Soulye ak sifas

Pou moun ki aktif, bon soulye ak evite fè egzèsis sou sifas ki difisil yo trè enpòtan.

Kle a pou gen jwenti ki an sante epi ki pa fè mal se gen yon bon fondasyon menm jan ak yon bilding. Si ou gen yon move fondasyon, li difisil pou ou espere bati anyen ki solid anlè w, se sa Doktè Kolosky eksplike. Plis sifas la di, se plis fòs ak enpak ki pral pase nan jwenti nou yo. Men sifas ki twò mou, tankou sab, pa egal epi yo deplase anba pye nou, sa ki ka lakòz tou enflamasyon atwoz oswa lòt pwoblèm nan jenou an. Konsantre sou sa ki mache pi byen pou ou epi jwenn yon bon balans.

Li rekòmande tou bon soulye, semèl epi petèt konpresyon. èske ou gen pye plat, oswa èske ou gen vout pye wo? èske yon manch konpresyon ta ka bay yon ti estabilite epi kontwole anflamasyon?

Evalye aspè sa yo kapab yon fason ki pa mande okenn operasyon epi ki trè pridan pou amelyore sante jenou ak sante jwenti yo, selon Doktè Kolosky Li trè fasil pou vini, fè yon evalyasyon epi resevwa bon rekòmandasyon an, kit se pou chwazi bon soulye oswa pou itilize yon aparèy konpresyon pou jenou.

Medikaman anti-enflamatwa pou doulè¨ jenou akòz atwoz

Yon kout kou medikaman anti-enflamatwa ki pa esteroyid (NSAIDs) san preskripsyon tankou ibipwofèn ak naproxen sodyòm se yon opsyon oto-tretman relativman san danje pou soulaje doulè jenou akòz atwoz. Paske moun ki gen kèk kondisyon medikal pa ta dwe pran NSAIDs, asire w ou tcheke avèk doktè w an premye.

Nitrisyon anti-enflamatwa ak abitid ki an sante

Bagay ou manje ak bwè, ansanm ak lòt konpòtman, tankou fimen, kontribye tou nan doulè nan jenou, Doktè Kolosky konseye. Si rejim alimantè w chaje ak manje ki lakòz enflamasyon ak bwason ki dezidrate, sa afekte kalite katilaj la ak sante jwenti yo.

Bagay sa yo ka mennen nan doulè nan jenou:

  • Pwodui letye
  • Manje ki gen anpil grès, ki gen ladan manje fri
  • Vyann trete ak vyann wouj
  • Glisid rafine, tankou pen blan ak pasta blan
  • Sik
  • Tabak ak alkòl

Olye de sa, eseye enkòpore plis manje ki gen anpil anti-oksidan epi ki ede w rete byen idrate:

  • Pwason gra, ki gen ladan somon ak ton
  • Fwi, tankou tomat, bè, seriz ak zoranj
  • Legim vèt, fèy, ki gen ladan chou frize, epina ak bwokoli
  • Nwa
  • Lwil oliv
  • Sipleman tankou lwil pwason, timerik, glikozamin ak kondwoyitin

Aprann plis sou manje anti-enflamatwa pou atwoz ak doulè nan jwenti.

Pale ak yon espesyalis jenou sou tretman pou soulaje doulè nan jenou

Si w te eseye estrateji lakay sa yo pandan plizyè semèn san w pa santi yon amelyorasyon, pale ak doktè w oswa yon espesyalis jenou. Sa enpòtan sitou si doulè nan jenou an ap afekte plezi w nan lavi a ak kapasite w pou rete aktif.

Li rezonab pou pasyan yo eseye trete tèt yo pandan yon ti tan. Men, mwen pa ta ezite rekòmande pou yo vin fè yon evalyasyon si yo pa remake okenn amelyorasyon apre sis semèn rive de mwa, se sa Doktè Kolosky di.

Youn nan premye tretman ki pi efikas yo se fizyoterapi pou ranfòse ak estabilize jenou an. Lè yon atlèt tande li bezwen fè yon seri reyabilitasyon, li souvan panse sa vle di y ap retire li nan tout aktivite li; men, okontrè, li di. Pwogram reyabilitasyon sa yo fèt pou ede blesi a, men tou pou fè w tounen yon pi bon atlèt epi diminye risk pou doulè sa a afekte w alavni. Ou ka itilize sa kòm yon opòtinite pou w vin yon pi bon atlèt, kouri pi vit, sote pi wo, vin pi fò. Anpil atlèt soti nan fizyoterapi nan yon pi bon eta pase lè yo te antre a.

Espesyalis ou a kapab ofri w tou yon pakèt tretman pou soulaje doulè nan jenou:

  • Pwosedi restorasyon cartilage pou estimile kwasans nouvo cartilage
  • Piki medikaman oswa sibstans ki ka diminye doulè, lubrifye jwenti a epi ankouraje gerizon
  • Apwòch chirijikal, ki soti nan retire tisi ki domaje nan yon fason minè rive nan ranplasman jwenti
  • Atèl jenou pou atwoz. Pandan sipò pa anpeche atwoz vin pi mal, yo ka ede diminye doulè jenou akòz atwoz.

Objektif nou isit la se kenbe atlèt la ap fonksyone pou pi lontan posib, epi fè entèvansyon bonè se pi bon fason pou reyalize sa, se sa li di.

primary
internal
Aprann sou sèvis Medsin Espè Mass General Brigham (yon enstitisyon medikal nan Etazini) yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine