false

Viv ak MS: Tretman ak Konsèy pou Viv byen ak MS

Yon jèn fanm ki gen koulè ap chita deyò epi ap etidye pou kolèj avèk yon zanmi.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3000583

Pwen kle pou pasyan yo

  • Swiv plan tretman ou pou esklewoz an plak (MS). Sa gen ladan tretman ki chanje evolisyon maladi a, swen pou sentòm yo ak bon abitid pou sante ou.
  • Rele newològ ou pou sentòm ki nouvo oswa ki vin pi mal. Chèche swen ijans si ou blese tèt ou lè ou tonbe, si ou kòmanse pèdi vizyon oswa vizyon ou vin pi mal, oswa si ou gen sentòm yon konjesyon serebral, yon kriz kadyak oswa yon reyaksyon alèjik.
  • Pran swen tout sante ou—ale nan randevou regilye pou swen prensipal, fè tès depistaj yo rekòmande epi pran swen sante mantal ou.

Esklewoz an plak (MS) se yon maladi pwogresif ki afekte sistèm nève w—sèvo a, mwèl epinyè a, ak nè optik ki dèyè je w yo. Se yon maladi otoiminitè, sa vle di kò a atake pwòp selil ki an sante li yo. Lè yon moun gen MS, kò li atake myelin, kouch grès ki pwoteje selil nè yo.

Akòz domaj nan nè yo, pasyan ki gen MS gen sentòm ki gen rapò ak fonksyon nè yo kontwole. Avèk bon medikaman, bon abitid pou sante yo ak swen pou sentòm yo, anpil moun ki gen MS ka viv an sante epi mennen yon lavi ki byen ranpli.

Michael Levy, MD, PhD, yon espesyalis nan maladi sistèm nève a ki gen rapò ak defans kò a nan Mass General Brigham Neuroscience Institute, yon sant pou swen ak rechèch sou sistèm nève, pataje pi bon konsèy li pou viv byen ak MS.

Malgre MS poko gen yon gerizon, gen anpil tretman ekselan ak estrateji jesyon sentòm pou konbine nan yon plan tretman konplè.

Michael Levy, MD, PhD

  • Neurologist, Mass General Brigham

Suiv plan tretman MS ou.

Menm jan ak nenpòt kondisyon kwonik, li enpòtan pou swiv plan tretman ou ak ekip swen ou a te etabli. Sa vle di fè egzamen imaj sèvo ak mwèl epinyè (MRI), tès san ak egzamen nè regilyèman pou suiv maladi ou ak fason kò ou reyaji ak medikaman yo.

Gen plizyè kalite MS—kèk gen peryòd kote sentòm yo diminye oswa disparèt, pandan lòt yo vin pi mal piti piti. Newològ ou a ede w jere sentòm yo, efè segondè yo, ak pwogresyon maladi w la.

Chèchè yo ap travay pou jwenn yon gerizon, devlope nouvo tretman, fè pi bon tès pou detekte maladi a epi amelyore lavi moun ki gen MS.

“Byenke MS poko gen gerizon,” di Doktè Levy, “gen anpil bon tretman ak fason pou soulaje sentòm yo ou ka mete ansanm nan yon plan tretman konplè.”

Yon moun yo dyagnostike ak MS ka viv byen ak maladi a grasa bon tretman, swen pou sentòm yo ak bon abitid pou sante li.

Tretman ki chanje evolisyon maladi a (DMT)

DMT yo se medikaman ki chanje fason maladi a ap evolye. Yo ralanti pwogresyon maladi a, diminye kantite kriz yo, epi redui gravite kriz yo. Gen plizyè fason pou pran yo: ou ka pran grenn nan bouch, resevwa medikaman nan venn oswa pran piki.

Newològ ou a ede w deside ki DMT ki bon pou ou.

Bagay pou konsidere lè w ap chwazi yon DMT:

  • Fason pou pran medikaman an: Èske w alèz pou w fè piki pou tèt ou? Èske IV yo se yon eksperyans difisil pou ou? Èske w kapab vale grenn san danje (sitou si w gen pwoblèm nan lang akoz MS)?
  • Efè segondè: Chak medikaman gen pwòp efè segondè li. Si w kòmanse yon medikaman epi efè segondè yo afekte lavi w chak jou, pale ak newològ ou a pou w eseye yon lòt medikaman.
  • Adapte ak mòd vi w: Ou ka evite DMT oral paske ou pa vle pran yon medikaman chak jou, oswa ou ka vwayaje souvan epi ou pa vle pote yon sak glas pou medikaman piki ou a. Yon enfizyon IV pandan plizyè èdtan ka pa anfòm nan orè ou. Chwazi yon DMT ki adapte ak lavi w.

Ou ka eseye yon lòt DMT si premye a pa mache pou ou. Newològ ou a ede w jwenn DMT ki pi byen adapte ak bezwen w yo epi ki gen mwens enpak sou lavi chak jou w.

Jesyon sentòm

Sentòm MS yo inik pou chak moun. Plan ou pou jere sentòm yo adapte ak bezwen ou, objektif sante ou ak fason ou viv.

Men kèk opsyon ou ka pale sou yo ak ekip swen ou:

  • Medikaman: Pou doulè, misk ki sere, tèt vire oswa lòt sentòm, newològ ou ka rekòmande medikaman anplis DMT ou a pou sentòm yo parèt mwens souvan oswa vin mwens grav.
  • Terapi fizik, egzèsis oswa detire kò: Bouje kò w nan fason espesifik ka ede soulaje tansyon nan misk, amelyore fatig, epi redwi doulè. Egzèsis ede amelyore atitid tou, sa ki ka ede moun ki gen esklewoz an plak (MS) k ap lite ak sentòm ki gen rapò ak emosyon.
  • Lòt fason pou soulaje sentòm yo: Akiponkti, masaj oswa meditasyon ka ede soulaje plizyè sentòm MS, tankou depresyon, doulè, pèt sansasyon oswa sansasyon kò a ap sere yon moun, yo rele l tou dizestezi.

Bon abitid pou sante ou

Fè chwa ki an sante ede w jere MS ou epi evite lòt pwoblèm sante tankou maladi kè oswa dyabèt.

Men kèk fason ou ka fè chwa ki an sante avèk MS:

  • Aprann sou egzèsis pou MS. Yon terapis fizik Mass General Brigham pataje fason egzèsis ka ede w jere sentòm MS epi dekri pi bon opsyon egzèsis yo.
  • Jwenn konsèy sou fason pou swiv yon rejim alimantè ki bon pou moun ki gen MS. Yon espesyalis nan manje nan Mass General Brigham bay konsèy sou plan manje ki ka ede diminye anflamasyon epi soulaje sentòm MS yo.
  • Sispann fimen. Sispann fimen ka trè difisil pou fè pou kont ou. Si ou bezwen èd, mande pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal la (PCP) enfòmasyon sou pwogram Mass General Brigham pou ede moun sispann fimen. Yo ka mete w an kontak ak resous, tankou akonpayman pèsonalize, pou ede w reyisi.
  • Limite kantite alkòl ou bwè. Si ou bezwen èd pou limite bwè alkòl, di medsen ou sa. Yo ka mete ou an kontak ak sèvis ki ka ede ou.
  • Evite tan cho, ki ka deklanche kriz.
  • Diskite sou nenpòt sipleman ak ekip swen ou an.

Itilizasyon aparèy asistans

MS ka fè ou gen difikilte pou deplase akoz feblès, misk ki sere, doulè, pwoblèm nan fason ou mache ak lòt sentòm. Ou ka bezwen yon kann, yon aparèy pou ede ou mache, yon chèz woulant oswa yon lòt aparèy pou ede ou deplase.

“Moun ki gen MS pafwa gen difikilte paske yo pa ka konnen davans sa maladi a pral fè—yon jou ou ka bezwen kann ou, men nan demen ou ka pa bezwen li,” di Doktè Levy di. “Sèvi ak aparèy asistans ou yo lè ak jan ou bezwen yo. Yo ede ou mache san danje, fè ou santi ou mwens fatige epi ede ou fè aktivite ou chak jou.”

Kilè pou rele newològ ou

Ant randevou ou yo pou egzamen nè regilye, kontakte newològ ou si ou gen nouvo sentòm oswa si sentòm ou yo vin pi mal. Chanjman nan sentòm yo ka endike yon kriz oswa yon rechit.

Kriz sa yo anjeneral rive lè kò a vin twò cho, lè ou fè twòp efò oswa lè yon enfeksyon ba ou lafyèv. Yo lakòz sentòm ou te deja genyen vin pi grav. Sentòm ou yo disparèt lè tanperati kò ou retounen nòmal epi anflamasyon an bese.

Newològ ou ka ba ou medikaman yo rele estewoyid pou diminye anflamasyon an epi soulaje sentòm kriz la. Si sentòm ou yo lejè, newològ ou a ka rekòmande pou kite kriz la pase poukont li san medikaman.

Si sentòm ou yo pa soti nan yon enfeksyon oswa paske kò ou twò cho epi yo dire plis pase 24 èdtan, ou ka ap fè yon rechit MS. Newològ ou a trete rechit ou a ak estewoyid pou diminye enflamasyon an epi fè rechit la fini pi vit.

Terapi fizik ka ede soulaje sentòm yo epi ede ou reprann fòs ak mobilite. Si rechit la grav epi estewoyid yo pa ede, ou ka bezwen yon tretman nan lopital pou retire antikò nan san ou. Yo rele tretman sa a echanj plasma.

Ki lè sentòm esklewoz miltip (MS) yo mande swen ijans?

MS se yon maladi enprevizib, epi pafwa li ka difisil pou deside si sa k ap rive w la mande swen ijans.

Si ou santi nenpòt nan sentòm sa yo, chèche swen medikal ijans imedyatman:

  • Pèt vizyon ki fèk parèt oswa ki vin pi grav
  • Sentòm yon konjesyon serebral
  • Sentòm yon kriz kadyak
  • Siy yon reyaksyon alèjik tankou anfle, plak gratèl ki leve sou po a oswa difikilte pou respire
  • Yon blesi nan tèt lè ou tonbe

“Fè ensten w konfyans,” di Doktè. Levy di. “Ou konnen kò w pi byen. Si w gen nouvo sentòm ki deranje w epi ki enkyete w, chèche swen ijans.”

Pa bliye fè egzamen sante regilye ou yo.

MS se sèlman yon pati nan sante w. Ou toujou bezwen wè founisè swen prensipal ou (PCP), dantis ou, yon oftalmològ, ak lòt founisè prevantif oswa espesyalis. Swiv orè yo rekòmande pou egzamen sante regilye ak tès depistaj tankou mamografi, kolonoskopi oswa netwayaj dan.

Swen sante mantal trè enpòtan pou moun ki gen MS. Depresyon ak enkyetid se sentòm MS ki komen. Yo ka trete yo ak terapi ki ede w chanje fason w panse ak aji (CBT, yo rele l tou terapi pale), medikaman, meditasyon oswa yon konbinezon metòd sa yo.

“Estrès ak lefètke moun pa ka prevwa kijan maladi a ap evolye ka ogmante enkyetid ak depresyon lakay moun ki gen MS,” di Doktè. Levy di. “Pran randevou ak yon terapis pou jwenn fason pou fè fas ak maladi a ak sipò pandan tout tan w ap viv ak MS.”

Swen ekspè ak terapi k ap evolye ede fè lavi ak eskleroz an plak vin pi fasil jere

Apre li te kòmanse gen pwoblèm balans ak kowòdinasyon toudenkou, Christine Kayser te ale nan sèvis ijans lopital Massachusetts General Hospital. Yon dyagnostik esklewoz an plak (miltip esklewoz) te mennen l al wè newològ Doktè Klawiter. Tretman li te resevwa tousuit, nouvo tretman ki ede ralanti MS ak abitid ki bon pou sante fè maladi a pa t retounen pandan plis pase 15 lane.

Gen twa fanm ki kanpe ansanm nan yon jimnazyòm; y ap poze devan yon miray ble kote gen yon definisyon mo "sinèji" a ki la pou bay motivasyon ki ekri an gwo lèt blan.

Christine Kayser (agòch) avèk enstriktè "spin" li (nan mitan) ak manman l (adwat).

tertiary
internal-arrow
Li istwa Christine nan.
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/christine-multiple-sclerosis-care-story

Kesyon pou poze newològ ou sou fason pou viv ak MS

Lè w wè newològ ou, pote yon lis kesyon pou w ka pwofite tan w pi byen.

Kesyon ki ta ka itil yo enkli:

  • Konbyen fwa mwen bezwen fè egzamen ki pran imaj anndan kò m, tès san ak egzamen sistèm nève m?
  • Ki tretman ki ede ralanti MS ki pi byen adapte ak fason m viv?
  • Kijan mwen ka jere sentòm mwen yo chak jou?
  • Ki vitamin ak sipleman ki san danje epi ki itil pou mwen pran?
  • Èske gen medikaman, manje, sipleman oswa aktivite mwen ta dwe evite? (Gen kèk medikaman oswa manje ki ka bay move reyaksyon lè w pran yo ak tretman ki ede ralanti MS ou a oswa medikaman pou jere sentòm ou yo.)
  • Ki plan egzèsis ak terapi fizik ou ta rekòmande?
  • Èske gen esè klinik oswa nouvo tretman mwen ta dwe konnen?
  • Kijan nou ka jere MS mwen pandan gwosès, menopoz oswa lòt evènman nan lavi a?
  • Ki vaksen ak lòt prekosyon mwen bezwen antanke moun ki gen MS?
primary
internal
Aprann plis sou Enstiti Newosyans Mass General Brigham
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience