false

Kansè ki komen nan gason ak moun yo te deziyen antanke gason lè yo fèt (AMAB)

Yon doktè ap revize kansè ki pi komen nan gason ansanm ak yon pasyan.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3007408
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3008762
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3007145
primary
phone
781-487-6212

Rele Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik

7814876212

Pwen kle yo

  • Konnen kalite kansè ki pi komen lakay gason. Kansè pwostat, kansè poumon ak kansè kolorektal se pami kansè ki pi komen lakay gason ak moun yo te deziyen gason lè yo fèt.
  • Konprann faktè risk ou yo. Konnen ki faktè ki ogmante risk ou pou kansè pwostat, kansè poumon ak kansè kolorektal. Konsa, ou ka fè bon chwa ak pwofesyonèl sante w la.
  • Kòmanse depistaj kansè nan bon laj. Kòmanse fè tès depistaj kansè kolorektal a 45 an oswa pi bonè si gen moun nan fanmi w ki te gen kansè sa a. Apati 55 an, pale ak pwofesyonèl sante w la pou konnen si tès antijèn espesifik pwostat (PSA) a bon pou ou. Depistaj kansè poumon depann de laj ou ak istwa fimen ou.
  • Pa inyore sentòm yo. Pran yon randevou ak pwofesyonèl sante w la si ou remake chanjman, tankou chanjman nan fason ou poupou.
  • Jwenn rekòmandasyon ki adapte ak ou nan Mass General Brigham Cancer Institute, enstiti kansè Mass General Brigham nan. Pwogram Deteksyon ak Dyagnostik Kansè Prekòs la ka evalye risk endividyèl ou epi pèsonalize yon plan depistaj ki adapte ak bezwen ou yo.

Prèske 490,000 gason ak moun yo te deziyen gason lè yo fèt (AMAB) Ozetazini resevwa yon dyagnostik kansè pwostat, kansè poumon, oswa kansè kolorektal chak ane, sa ki fè kansè sa yo pami kansè ki pi komen yo. Depistaj ka ede detekte kansè sa yo anvan sentòm yo parèt.

Xin Gao, MD, Jessica Lin, MD ak Aparna Parikh, MD, doktè ki espesyalize nan kansè nan Mass General Brigham Cancer Institute, egzamine faktè risk ak rekòmandasyon pou depistaj kansè sa yo.

Doktè Gao se yon onkològ medikal ak direktè rechèch klinik Pwogram Onkoloji Jenitourinè a. Doktè Lin se yon doktè nan Henri and Belinda Termeer Center for Targeted Therapies, yon sant pou tretman ki vize kansè. Li dirije pwogram tretman medikal pou kansè nan pwatrin nan. Doktè Parikh se direktè medikal Sant pou Kansè Kolorektal pou Jèn Adilt ak direktè pwogram kansè kolorektal.

“Li enpòtan pou w pale ak doktè swen prensipal ou a sou faktè risk ou ak chwa ou genyen pou depistaj. Kansè pi fasil pou trete—epi pi fasil pou geri—lè yo detekte l nan yon etap prekòs,” se sa Doktè Gao di.

Kansè pwostat

Kansè ka devlope nan glann pwostat la, ki ede pwodui likid seminal nan sistèm repwodiktif gason an. Li sitiye ant zo pibyen an ak rèktòm nan.

Ki jan kansè pwostat komen?

Kansè pwostat afekte 1 sou 8 gason pandan lavi yo, epi pral gen anviwon 333,800 nouvo ka an 2026.

Ki sa ki lakòz kansè pwostat?

Doktè yo pa konnen ki sa ki lakòz kansè pwostat, men sèten faktè ogmante risk ou. Kontrèman ak kèk lòt kalite kansè, prensipal faktè risk pou kansè pwostat yo pa ka kontwole atravè chanjman nan fason w ap viv, se sa Doktè Gao di. Faktè risk sa yo gen ladan:

  • Laj: Kansè pwostat anjeneral afekte moun ki gen 50 an oswa plis, byenke li ka parèt tou lakay gason ki pi jèn yo.
  • Ras: Moun Nwa ameriken yo gen plis risk pou devlope kansè pwostat pase moun ki fè pati lòt gwoup rasyal yo. Klinik Sansibilizasyon sou Kansè Pwostat Mass General Brigham nan ap elaji aksè ak swen pou ede diminye disparite nan domèn sante.
  • Istwa fanmi: Gason ak moun yo te deziyen gason lè yo fèt (AMAB) ki gen yon fanmi biyolojik ki te gen kansè pwostat, kansè tete, ovè, pankreyas, kolorektal oswa kansè andomètr/matris gen plis risk pou yo devlope kansè pwostat. Nan kèk ka, ka gen yon jèn eritye ki ogmante risk pou devlope plizyè kalite kansè sa yo.

Men, avèk tès depistaj regilye, yo ka detekte kansè pwostat epi trete l nan yon etap prekòs. American Cancer Society (ACS), òganizasyon ameriken ki konbat kansè, rapòte plis pase 99% moun ki gen kansè pwostat ki pa gaye deyò glann pwostat la viv omwen 5 an apre dyagnostik la.

Gid pou depistaj kansè pwostat

Gen kèk kansè pwostat ki ka grandi tèlman dousman ke yo pa janm vin yon menas pou lavi. Pifò moun pa gen sentòm jiskaske kansè pwostat la vin pi avanse. “Anpil moun ki gen kansè pwostat ka pa janm gen pwoblèm ak kansè a. Sepandan, tès depistaj yo ka ede detekte fòm kansè pwostat ki pi agresif yo, ki bezwen tretman,” se sa Doktè Gao di.

Depistaj pou kansè pwostat enplike yon tès san pou mezire antijèn espesifik pwostat (PSA), yon pwoteyin glann pwostat la ak selil kansè pwostat yo ka pwodui. Yon nivo PSA ki wo ka yon siy kansè pwostat.

Sepandan, li enpòtan pou konnen pwoblèm ki pa kansè, tankou yon pwostat ki vin pi gwo oswa enfeksyon nan aparèy urin, ka lakòz tou yon nivo PSA ki wo. Pou rezon sa a, doktè w la ka repete tès PSA a anvan li fè lòt tès pou jwenn yon dyagnostik, tankou yon eskanè imajri rezonans mayetik (MRI) oswa yon byopsi.

Paske anpil kansè pwostat grandi dousman, tès depistaj regilye pou pasyan ki pa gen sentòm ka mennen nan tretman ki pa nesesè. United States Preventive Services Task Force (USPSTF), gwoup ameriken ki fè rekòmandasyon sou swen prevansyon, sijere pou moun ki gen ant 55 ak 69 an pale ak pwofesyonèl sante yo pou konnen si tès PSA a bon pou yo. Pou moun ki gen plis pase 70 an, yo pa rekòmande tès PSA.

Pou anpil kalite kansè, sentòm yo ka pran tan anvan yo parèt, sa ki ka bay kansè a tan pou l grandi epi gaye. Se poutèt sa li enpòtan pou gason yo konprann faktè risk kansè yo, konnen ki abitid nan fason y ap viv yo ta dwe evite, epi fè tès depistaj nan entèval ki apwopriye.

Xin Gao, MD

Xin Gao, MD

  • Oncologist, Mass General Brigham Cancer Institute

Kansè poumon

Dapre ACS, youn sou 16 gason devlope kansè poumon.

Ki sa ki lakòz kansè poumon?

Pifò ka kansè poumon rive lakay moun ki fimen, ki te konn fimen oswa ki respire lafimen sigarèt lòt moun. Men, moun ki pa janm fimen ka gen kansè poumon tou.

Ou gen plis risk pou w devlope kansè poumon si gen moun nan fanmi w ki te gen maladi sa a oswa si ou te ekspoze ak sibstans danjere nan anviwònman an, tankou:

  • Radon, yon gaz radyoaktif
  • Pwodui chimik danjere tankou amyant ak kadyòm
  • Polisyon lè

Gid pou depistaj kansè poumon

Pou moun ki gen gwo risk pou kansè poumon, fè tès depistaj bay pi bon chans pou detekte kansè poumon epi trete l nan yon etap prekòs, lè li pi fasil pou geri. Pa tann sentòm yo parèt pou w fè tès, paske kansè poumon ka devlope pandan lontan san yo pa detekte l. Pale ak doktè ou sou tès depistaj si ou te konn fimen, si gen moun nan fanmi ou ki te gen kansè nan poumon oswa si ou te ekspoze ak sibstans toksik.

“Depistaj kansè nan poumon pèmèt yo detekte ak dyagnostike kansè a nan yon etap pi prekòs, lè li gen plis chans pou yo trete ak geri li pase si yo dekouvri li nan yon etap pi avanse,” se sa Doktè Lin di. “Etid yo montre sa tradui nan yon pi ba risk pou moun ki gen plis chans pou devlope kansè nan poumon mouri akòz kansè nan poumon.”

Yon kalite radyografi ki rele tomografi òdinatè ak dòz ki ba (LDCT) kapab fè depistaj epi detekte kansè nan poumon avèk efikasite. Gwoup ekspè ameriken nan sèvis prevansyon (USPSTF) rekòmande depistaj ak LDCT pou moun ki ranpli tout kondisyon sa yo:

  • 50 a 80 an
  • Istwa fimen 20 pake-ane (yon pake-ane se kantite pake ou fimen pa jou miltipliye pa kantite ane ou te fimen)
  • Fimè aktyèl oswa ansyen fimè nan 15 dènye ane yo

Deteksyon prekòs ak dyagnostik kansè

Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik la konsantre sou jwenn kansè pi bonè lè tretman an gen pi gwo chans pou siksè. Nou sipòte pasyan yo nan chak etap nan swen kansè, ki gen ladan anvan kansè a dyagnostike, pa idantifye risk, gide depistaj, ak kowòdone pwochen etap yo.
primary
internal
Aprann plis

Li sou Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik la

/content/unified-xwalk/ht/services/cancer-early-detection-diagnostics

Nan ki pwen kansè kolorektal komen lakay gason?

Youn sou 23 gason Ameriken devlope kansè kolorektal. Li souvan kòmanse ak polip ki pa kansè nan kolon an oswa nan rèktòm nan, ki devlope pandan moun ap pran laj.

Gwo faktè risk pou kansè kolorektal yo se:

Gid pou depistaj kansè kolorektal

Menm jan ak lòt kansè, kansè kolorektal pi fasil pou trete lè yo detekte l nan yon etap prekòs. Pousantaj siviv apre 5 an pou kansè kolorektal se omwen 90% lè yo detekte kansè a anvan li gaye pi lwen pase kolon an oswa rèktòm nan.

USPSTF rekòmande pou depistaj kòmanse apati laj 45 an. Pou moun ki gen plis pase 75 an, yo rekòmande pou deside sou depistaj selon ka chak moun. Pale ak doktè w la sou kalite tès depistaj ki pi apwopriye pou ou ak ki lè ou ta dwe fè yo.

Kansè kolorektal ap ogmante pami jèn adilt yo. Majorite ka kansè kolorektal yo pa gen rapò ak yon istwa familyal kansè sa a. Sepandan, jiska 30% nan tout dyagnostik kansè kolorektal yo rive lakay pasyan ki gen yon istwa familyal kansè kolorektal. “Si ou gen yon istwa familyal kansè kolorektal, ou ta dwe fè premye kolonoskopi ou a lè ou gen 40 an, oswa 10 an anvan laj yon manm fanmi pwòch ou te genyen lè yo te ba li dyagnostik la,” eksplike Doktè. Parikh di.

Depistaj ka kòmanse ak yon tès poupou pou chèche siy kansè, tankou prezans san oswa chanjman nan ADN. Tès depistaj sa yo pèmèt doktè w la egzamine kolon ak rèktòm ou pou detekte polip oswa kansè:

  • Kolonoskopi k ap itilize yon aparèy ki gen yon ti kamera pou wè tout kolon an ak rèktòm nan epi retire nenpòt polip pou fè tès
  • Sigmoidoskopi fleksib k ap itilize yon kamera pou egzamine rèktòm nan ak yon pati nan kolon an
  • Kolonoskopi CT (kolonoskopi vityèl) k ap itilize eskanè CT pou gade kolon an
  • Tès san. Administrasyon Manje ak Medikaman (FDA) te fèk apwouve yon tès san pou depistaj granmoun ki gen 45 an oswa plis ki gen yon risk mwayèn pou maladi a. Apwobasyon an vini apre yon etid klinik te bay rezilta ankourajan pou tès san an.

Tès depistaj kansè pou pi bon tretman ak pi bon chans pou geri

Doktè nan Mass General Brigham ki fè rechèch ap travay nan swen ak rechèch pou ede moun jwenn dyagnostik kansè nan etap ki pi prekòs posib.

Kalite zouti ki pi enpòtan yo se sa yo ki ka ede idantifye ki moun ki gen plis risk pou devlope ki kalite kansè. Nan tan lontan, fason yo te evalye risk kansè te twò senp e li te konsidere twò piti faktè.

Zouti doktè yo itilize pou kalkile risk yo souvan konsantre sou itilizasyon tabak, konsomasyon alkòl ak pwa kò moun. Men, yo pa pran an konsiderasyon kèk faktè risk kansè modèn ki enpòtan, tankou:

  • Kalite lè
  • Estrès
  • Povrete ak lòt kondisyon sosyal ki afekte sante
  • Efè chanjman nan fason yo pwodui ak distribye manje
  • Ekspozisyon nan travay
  • Chanjman klimatik

Men teknoloji ap avanse. Avèk tès jenetik avanse, siy nan san ki ka montre prezans maladi ak entèlijans atifisyèl (AI), doktè yo ap kapab bay chak moun rekòmandasyon depistaj ak prevansyon kansè ki adapte ak risk pa yo.

Deteksyon prekòs kansè lakay gason ak moun yo te deziyen kòm gason lè yo fèt (AMAB)

Pwofesyonèl swen sante nan Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik Mass General Brigham Cancer Institute rankontre ak pasyan yo pou fè yon konsiltasyon sou evalyasyon risk kansè. Pandan vizit apwofondi sa a, yo aprann sou faktè risk kansè ki espesifik pou chak moun epi yo adapte rekòmandasyon depistaj kansè yo. Pasyan yo ka patisipe tou nan plizyè esè klinik pou ede akselere devlopman ak itilizasyon nouvo teknoloji ki kapab ede detekte kansè nan premye etap li yo.

Anplis, pou pasyan ki gen yon rezilta anòmal nan yon tès laboratwa oswa yon radyografi ki montre yo ka gen kansè, pwofesyonèl swen yo bay aksè rapid ak fasil pou dènye tès dyagnostik yo epi yo ede oryante yo nan yon gwoup tretman kansè ki apwopriye, si sa nesesè.

Kontakte Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik

Pwogram Deteksyon Bonè ak Dyagnostik Kanse a ofri yon evalyasyon risk kanse konplè, depistaj, ak sèvis dyagnostik, ki konekte pasyan yo ak swen klinik kowòdone ak dènye rechèch nan deteksyon bonè kanse. Avèk lokal ki nan tout New England ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti nan deyò Etazini, nou fè li pi fasil pou jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
Aprann plis sou Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik

Aprann plis sou Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik nan Mass General Brigham Cancer Institute

/content/unified-xwalk/ht/services/cancer-early-detection-diagnostics
secondary
phone
781-487-6212

Rele Pwogram Deteksyon Prekòs ak Dyagnostik

7814876212