Konprann diferans ant trigliserid ak kolestewòl
Ou ka deja tande doktè ou pale sou trigliserid ak kolestewòl pandan yon vizit medikal. Men èske ou konnen ki sa yo ye? Oswa poukisa yo enpòtan pou sante kè ou?
Romit Bhattacharya, MD, yon kadyològ prevantif nan Mass General Brigham Heart and Vascular Institute, eksplike resanblans ak diferans yo ansanm ak sa w bezwen konnen pou w rete an sante.
Ki sa kolestewòl ak trigliserid ye?
Kolestewòl ak trigliserid se lipid, sa vle di fòm grès ki sikile nan san ou. Lè ou konprann ki sa kolestewòl ak trigliserid ye ak ki wòl yo jwe, sa ede w konprann diferans ki genyen ant yo. Sa ede w konprann tou wòl espesyal chak ladan yo jwe nan sante ou an jeneral.
Kolestewòl se yon sibstans ki sanble ak sir, ki prezan nan chak selil nan kò ou. Li sèvi kòm yon eleman enpòtan pou pwodiksyon òmòn ak vitamin D, epi li bay sipò estriktirèl pou selil yo. Sèl bilè ki ede dijere manje yo genyen kolestewòl tou. Fwa ou pwodui kolestewòlapati manje tankou jòn ze, vyann, ak pwodui letye.
Trigliserid yo se yon kalite lipid tou. Men, kontrèman ak kolestewòl ki sèvi kòm yon eleman estriktirèl pou selil ak òmòn yo, kò ou itilize trigliserid kòm yon sous enèji. Kò ou pa pwodui trigliserid; li jwenn yo sitou nan manje ou manje.
"Apre yon repa, sitou si li rich an grès oswa an sik, kò ou estoke enèji anplis sa a sou fòm trigliserid, ki sikile nan san an pou bay tisi yo enèji," se sa Doktè. Bhattacharya eksplike.
Trigliserid yo se yon sous enèji ki enpòtan anpil. Kò a kraze yo an asid gra ak gliseròl pou misk ak lòt ògàn yo ka itilize yo kòm enèji. Trigliserid ki pa itilize yo estoke nan selil grès yo epi yo lage pita lè kò a bezwen enèji.
Kò ou bezwen kolestewòl ak trigliserid pou l fonksyone byen, men twòp nan lipid sa yo ka afekte kè ou epi ogmante risk pou maladi kè ak konjesyon serebral. Kolestewòl wo ak trigliserid wo (ipertrigliseridemi) pataje anpil nan menm faktè risk yo.
Ki sa ki lakòz kolestewòl wo?
Kò a pwodui tout kolestewòl li bezwen. Men, kèk abitid ak kèk faktè kapab fè li pi difisil pou kò a elimine kolestewòl anplis la. Sa lakòz kolestewòl akimile nan atè yo. Sa yo enkli:
- Rejim alimantè: Manje grès satire ak grès trans ogmante kolestewòl.
- Mank aktivite fizik: Lè ou sedantè sa ka lakòz pran pwa, sa ki mennen nan kolestewòl wo (iperkolesterolemi).
- Konpozisyon kò: Moun ki gen plis mas miskilè ak mwens grès nan kò yo gen tandans gen nivo kolestewòl ki pi ba.
- Jenetik: Ou gen plis chans pou gen kolestewòl wo si youn nan paran ou genyen li tou.
- Kondisyon medikal: Maladi ren ak dyabèt tip 2 ka ogmante kolestewòl.
- Medikaman: Gen kèk tretman chimyoterapi, medikaman pou kè, ak estewoyid ki ka ogmante kolestewòl.
- Laj:
- Pandan moun ap pran laj, chanjman nan òmòn, metabolis ak konpozisyon kò kapab fè nivo kolestewòl la monte, menm si abitid manje yo pa chanje.
- Fimen: Sigarèt domaje veso sangen ou yo, sa ki fè li pi fasil pou depo grès akimile.
Avèk letan, akimilasyon kolestewòl la mennen nan yon kondisyon ki rele ateroskleroz. “Ateroskleroz ka lakòz kriz kadyak lè plak ki rich nan lipid yo pete, yon jan tankou fason yon bouton pete, epi kreye yon boul san nan atè ki mennen nan misk kè a,” Doktè Bhattacharya di.
Ki sa ki lakòz trigliserid wo?
Nòmalman, trigliserid yo kraze byen vit anvan yo voye yo nan tisi ki bezwen yo. “Men, si gen twòp trigliserid k ap pwodui oswa si sistèm netwayaj la pa fonksyone byen, lè sa a patikil sa yo ap rete nan san an,” Doktè Bhattacharya di.
Trigliserid wo gen plis chans pou yo devlope nan moun ki:
- Ki pi aje
- Pa fè egzèsis
- Konsome alkòl twòp
- Gen VIH, maladi ren, oswa maladi fwa
- Manje twòp regilyèman
- Fimen
- PPran medikaman pou trete kansè nan tete oswa VIH. Lè w pran kèk kalite medikaman pou tansyon, sa ka ogmante risk pou w devlope trigliserid ki wo.
Lè trigliserid rete nan san an twò lontan, konpozan gra yo anvayi mi atè yo. Epi, menm jan ak kolestewòl, yo ka akimile sou tan. “Trigliserid ki wo toutan pa jis sikile san danje nan san an, yo ka deklanche yon seri evènman ki mennen nan ateroskleroz,” Doktè Bhattacharya di.
Kouman mwen fè konnen si kolestewòl ak trigliserid mwen wo?
Enstiti Nasyonal pou Kè, Poumon ak San (NHLBI) divize trigliserid yo an kategori sa yo:
- An sante: Anba 150 miligram pa desilit (mg/dL)
- Limit wo: Ant 150 ak 199 mg/dL
- Wo: Ant 200 ak 499 mg/dL
- Trè wo: Pi wo pase 500 mg/dL
Kolestewòl se yon bagay ki yon ti jan pi konplèks, yo separe l an twa chif:
- Kolestewòl LDL (“move”): Sa a se kalite kolestewòl ki akimile nan atè yo epi ki kreye blokaj. Eseye kenbe chif sa a nan oswa anba 100 mg/dL.
- Kolestewòl HDL (“bon”): Sibstans sa a transpòte kolestewòl nan fwa a pou yo retire l, sa ki fè l benefisye pou sante kè a. Ou bezwen omwen 40 mg/dL (pou gason) rive 50 mg/dL (pou fanm).
Kolestewòl total: Yo kalkile sa a lè yo itilize chif LDL, HDL, ak trigliserid ou yo. Idealman, kolestewòl total ou ta dwe anviwon 150 mg/dL; nenpòt valè ki depase 200 mg/dL konsidere kòm wo.
Bon nouvèl la se ke menm ti amelyorasyon nan rejim alimantè, egzèsis, ak sante metabolik ka fè yon diferans mezirab nan kèk mwa.
Romit Bhattacharya, MD
- Kadyològ, Mass General Brigham
Kijan pou bese kolestewòl ak trigliserid pou amelyore sante kè
Tretman varye selon si ou gen kolestewòl wo, trigliserid wo, oswa toude. Gen anpil medikaman, tankou estatin. Men apwòch ki pi efikas la se adopte abitid ki bon pou kè a.
Men sa ou ka fè:
- Manje yon rejim alimantè ki an sante.
- Fè egzèsis regilyèman..
- Dòmi ase. Aprann konsèy pou dòmi pi byen..
- Limite alkòl.
- Jere estrès. Aprann kijan estrès afekte kè a epi jwenn konsèy pou kenbe l anba kontwòl.
- Sispann fimen.
“Maladi kadyovaskilè pran plizyè dizèn ane pou devlope,” Doktè Bhattacharya di. E souvan, premye sentòm lan se yon kriz kadyak'' li ajoute. ''Bon nouvèl la se ke menm ti amelyorasyon nan rejim alimantè, egzèsis, ak sante metabolik ka fè yon diferans mezirab nan kèk mwa.''
Abitid vi ki an sante ak chèk sante regilye ka ede bese kolestewòl ak trigliserid anvan nenpòt domaj fèt.