Jere PMOS (PCOS) atravè alimantasyon: Kisa pou manje ak kisa pou pa manje
Pwen esansyèl yo
- Konprann enpòtans sa ou manje. Adopte yon rejim alimantè ekilibre pou ede jere sentòm sendwòm ovè metabolik poliandokrin (PMOS, ki te rele PCOS anvan). Sa ka ede amelyore sansiblite ensilin epi regle nivo òmòn yo.
- Chwazi manje natirèl ki pa trete. Chwazi manje fre ki pa trete, tankou fwi, legim, vyann ki pa gen anpil grès ak sereyal konplè, pou ede jere sentòm PMOS yo.
- Limite manje ki gen sik ak manje ki trete. Diminye kantite ti goute ak bwason ki gen sik, ansanm ak idrat kabòn rafine w ap konsome, pou anpeche sik nan san an monte twò vit epi amelyore sansiblite ensilin.
- Planifye repa ou selon aktivite w. Manje pi gwo repa w yo anvan ou fè anpil aktivite pou bay kò w enèji epi kenbe nivo enèji w estab. Aktivite fizik regilye, tankou mache oswa kouri, ede kò w sèvi ak ensilin pi byen tou epi amelyore sante w an jeneral.
- Chèche sipò pou planifikasyon repa. Ou ka travay ak yon nitrisyonis pou fè yon plan repa PMOS ki adapte ak fason ou viv epi ki ede diminye sentòm yo avèk letan.
Sendwòm ovè metabolik poliandokrin (PMOS), yo te konn rele sendwòm ovè polikistik (PCOS), se yon twoub òmòn ki ka afekte sistèm repwodiktif ou ak aparans ou. Moun ki gen pwoblèm sante sa a gen plis risk tou pou yo devlope obezite, maladi kè ak dyabèt.
Men, yon rejim alimantè ki an sante, egzèsis ak dòmi ki pèmèt kò a refè ka ede diminye sentòm yo epi jere efè segondè PMOS yo, dapre Shruthi Mahalingaiah, MD, MS, yon andokrinològ/jinekològ ki espesyalize nan repwodiksyon nan Mass General Brigham.
Li di: “Plizyè bagay gen gwo enfliyans sou sante moun ki gen PMOS — sitou sa nou manje ak bwè, lè nou dòmi ak reveye ak aktivite fizik nou.” "Kòmanse ak manje ki ekilibre ki gen aliman antye, ki fre otank posib epi evite manje yo transfòme nan laboratwa yo." Epi adapte lè ou manje ak ritm natirèl kò ou (lè ou dòmi ak lè ou leve). Sa vle di manje lè w ap fè plis aktivite, paske se lè sa a kò w bezwen enèji a epi li ka boule sik nan san ki anplis la.”
Apwòch sa a ap ede w kontwole sik nan san ou, ki afekte nivo ensilin ak òmòn andwojèn yo. Finalman, sa ka vle di mwens sentòm PMOS ak mwens risk pou sante alontèm.
Poukisa yo rele PCOS PMOS kounye a
Nan mwa me 2026, non ofisyèl pou kondisyon medikal PCOS te chanje pou vin PMOS. Òganizasyon pasyan ak pwofesyonèl yo te kolabore pandan plizyè ane pou deside sou yon non ki reprezante pi byen fason kondisyon an afekte diferan sistèm nan kò a, avèk objektif pou amelyore dyagnostik ak tretman.
«Ovè polikistik» nan ansyen non an te bay pasyan yo ak pwofesyonèl sante yo konfizyon, paske ou pa bezwen gen kis nan ovè pou ou gen PMOS. Sa te jwe yon wòl nan fè kèk pasyan pran reta pou yo jwenn yon dyagnostik epi resevwa swen ki mwens konplè.
Nouvo non an pa chanje ofisyèlman fason pwofesyonèl sante yo fè dyagnostik epi trete PMOS, men Doktè Mahalingaiah fè remake non an pi egzak epi li ka ede pwofesyonèl sante toupatou nan mond lan amelyore fason yo bay swen. Pa egzanp, mo "metabolik" nan PMOS reflete fason li afekte glikoz nan san epi li montre kijan ou ka ede jere sentòm yo avèk chanjman nan rejim alimantè w.
Efè PMOS sou sante
Kò w dekonpoze manje ou manje a pou l fè l tounen glikoz (sik). Pifò nan sik sa a antre nan san ou (sik nan san). Sik nan san an fè pankreyas ou lage ensilin, ki ede selil ou yo sèvi ak sik la pou jwenn enèji.
Pifò moun ki gen PMOS gen rezistans ensilin, sa vle di kò a pa itilize ensilin jan li ta dwe fè l la. Avèk letan, rezistans ensilin ka lakòz nivo sik nan san ki wo, pran pwa, enflamasyon kwonik ak dyabèt. Rezistans ensilin ka vin lakòz tou twòp òmòn andwojèn (òmòn sèks pou gason).
Rezistans ensilin ak twòp òmòn andwojèn ka lakòz sentòm tankou:
- Aparans: Twòp plim k ap pouse sou kò a oswa cheve k ap tonbe, akne ak pran pwa
- Santi ou byen an jeneral: Fatig, mank enèji, enkyetid, twoub imè tankou depresyon ak yon kalite lavi ki pa bon
- Sante repwodiktif: Règ ki pa regilye ak difikilte pou fè pitit
Doktè ou ka preskri medikaman planin, aparèy yo mete nan matris ki bay òmòn (IUD), medikaman pou ede ou fè pitit oswa medikaman pou dyabèt pou ede jere sentòm PMOS yo. Men Doktè. Mahalingaiah mete aksan sou lefèt ke ou kapab diminye efè PMOS yo tou avèk fason ou chwazi manje.
Lè w adapte sa w manje pou jere PMOS, objektif la se kontwole sik nan san w. Sa ka ede kò w sèvi ak ensilin pi byen epi diminye nivo òmòn andwojèn yo.
Li bon pou planifye repa ou yo nan moman kote yo ka vrèman bay aktivite ou yo enèji.
Shruthi Mahalingaiah, MD, MS
- Reproductive Endocrinologist/Gynecologist, Mass General Brigham
Plan alimantasyon pou PMOS
Fason pou manje pou jere PMOS sanble ak fason moun ki gen dyabèt dwe manje. De faktè ki pi enpòtan yo se kalite manje ou manje ak lè nan jounen an ou manje, se sa Doktè Mahalingaiah di.
Premyèman, reflechi sou chwa manje ou yo. Anpil moun pran abitid manje manje ki gen anpil lanmidon oswa sik pou yo jwenn enèji byen vit, (oswa paske yo renmen gou a. Sik ki nan manje sa yo antre nan san ou byen rapid. Lè sa a, pankreya ou pwodui ensilin pou ede kò ou trete sik la. Lè moun ki gen PMOS gen rezistans ensilin, kò yo pa sèvi ak sik nan san an byen. Kòm rezilta, pankreyas la pwodui plis ensilin toujou, sa ki ka mennen nan nivo ensilin ki wo nan san ou (iperensilinemi).
Li enpòtan pou jere pwosesis sa a pou ou pa devlope obezite ak dyabèt. Eseye manje pwoteyin ak fib ansanm ak idrat kabòn ak sik. Sa ka ralanti fason sik la antre nan san w, sa ki diminye kantite ensilin kò ou libere. Manje yon fason ki ekilibre ka ede kenbe nivo enèji ou estab, diminye sentòm PMOS yo, epi amelyore sante ou alontèm.
Ou ta dwe reflechi tou sou ki lè ou bezwen enèji pandan jounen an, Doktè. Mahalingaiah di. Pa egzanp, anpil moun gen tandans manje repa ki pi lou yo nan aswè, jis anvan yo ale dòmi. Sik nan san ou ap monte, men kò ou p ap sèvi avè l pou jwenn enèji pandan w ap fè aktivite.
Yon bon rejim alimantè pou PMOS gen ladan l ti repa ki bon pou sante pandan tout jounen an. Doktè. Mahalingaiah rekòmande pou ou manje repa ki pi gwo yo jis anvan moman ou pi aktif nan jounen an. Pou anpil moun, se anvan ou soti devan pòt la pou ale travay oswa lekòl. “Sa ede ou planifye repa ou yo nan moman kote yo ka vrèman ba ou enèji pou aktivite ou,” se sa li eksplike.
Finalman, Doktè Mahalingaiah avèti moun pou yo evite rejim alimantè alamòd yo, fè jèn tanzantan, ak manje twòp san kontwòl. Anjeneral, li pa rekòmande medikaman pou pèdi pwa oswa operasyon pou pèdi pwa kòm premye tretman. Yo ka pa ede w pran bon abitid epi pi devan yo ka lakòz ou pran pwa ankò.
Bon manje pou ede jere PMOS
Doktè. Mahalingaiah rekòmande manje natirèl ki pa trete. Manje sa yo bay kò ou enèji pi lontan epi ede anpeche sik nan san ak nivo enèji monte bridsoukou.
Entegre manje ki gen plis pwoteyin ak fib, ki ralanti fason glikoz antre nan san an:
- Legim vèt ki gen fèy tankou epina, chou frize ak leti
- Manje ki rich nan fib, tankou ti fwi tankou frèz, grenn antye, pwa ak pòm
- Manje fre ki pa sibi transfòmasyon e ki rete nan eta natirèl yo otank posib
- Manje ki gen pwoteyin san anpil grès, tankou pwa, lòt grenn legim, nwa ak pwason
- Legim ki pa gen anpil lanmidon tankou piman, bwokoli, chou flè, dyondyon, pwa nan gous plat ak seleri
- Grenn antye, tankou pen ak makawoni ki fèt ak grenn antye, diri mawon ak lòj
Manje pou evite si ou gen PMOS
Eseye manje mwens manje ki fè glikoz nan san ou monte vit, tankou manje trete ki nan pake, pa egzanp ti moso pòmdetè fri nan sachè. Si ou pa ka li oswa rekonèt engredyan yo sou etikèt yon manje, manje sa a sibi anpil transfòmasyon.
Men lòt manje ou ta dwe limite kantite ou manje ladan yo:
- Manje ki gen farin rafine, tankou pen blan, pat pitza ak makawoni
- Manje fri
- Vyann wouj ak vyann trete yo itilize pou fè sandwich
- Grès satire tankou bè ak magarin
- Bwason ki gen sik tankou soda, te sikre ak bwason pou espò
- Ti goute ki gen sik, tankou sirèt, bonbon ak gato
- Diri blan
Lòt chanjman nan fason ou viv pou soulaje sentòm PMOS
Doktè. Mahalingaiah mete aksan sou lefèt ke ou pa bezwen konsantre sou konte kalori ni sou fè chak repa pafè. Ti chanjman ou ka kenbe yo ka ede soulaje sentòm PMOS yo avèk letan.
Anplis chanje sa ou manje, ou ka fè lòt chanjman ki ka ede ou:
- Amelyore abitid dòmi w. Li enpòtan pou tout moun jwenn yon bon nwit dòmi, epi moun ki gen PMOS gen plis chans pou yo gen pwoblèm dòmi pase moun ki pa gen pwoblèm sante sa a. Pale ak pwofesyonèl sante ou si ou gen pwoblèm dòmi. Ti chanjman ka ede w dòmi pi byen, tankou pa bwè alkòl ni pase tan devan ekran anvan ou al dòmi, paske sa deranje dòmi w.
- Fè egzèsis regilyèman. Aktivite fizik tankou mache vit oswa kouri ede kò ou itilize ensilin pi byen, epi li ka ede kontwole règ ou. Eseye mache, menm pou yon ti tan, apre yon repa pou ede kò w boule sik ki anplis. Fè egzèsis regilyèman ede sante mantal ou tou epi sa ka ba w plis enèji pou pran swen kò w.
- Aprann jere estrès ou. Jere PMOS ansanm ak aktivite chak jou ka ba ou plis estrès. Sa ka fè li pi difisil pou ou manje byen epi prepare repa ou. Eseye egzèsis pou respire, meditasyon oswa yoga pou jere estrès. Pale ak pwofesyonèl sante ou si ou santi ou pa ka jere tout bagay.
Jwenn plan repa pa w pou PMOS
Doktè. Mahalingaiah rekòmande pou w travay ak yon dyetetisyen. Moun sa a ka ede w fè ti chanjman ou ka kenbe pou w tabli yon plan repa pou PMOS. Avèk letan, chanjman sa yo ap ede w kontwole sik nan san, ensilin ak òmòn yo rele andwojèn. Sa ka diminye sentòm PMOS ak risk pou w devlope pwoblèm sante ki dire lontan.