Vaksen COVID-19
Mass General Brigham ap ofri premye randevou vaksen pou pasyan ki gen 5 an oswa pi gran. N ap ofri vaksen rapèl COVID-19 tou pou pasyan ki gen 12 an oswa pi gran.
Nan seksyon sa a
Angajman pou Swen San Danje
Pou nenpòt moun ki bezwen nou kounye a, Mass General Brigham la pou bay swen ou merite a. Angajman nou pou Swen San Danje an vigè nan tout sistèm nou an. Nou fè gwo efò pou bay pasyan nou yo, vizitè yo ak anplwaye nou yo anviwònman ki pi an sekirite posib.
N ap fè tès depistaj pou pwoteje ou, fanmi ou ak anplwaye nou yo.
Nou netwaye men nou ak espas nou yo epi rann li fasil pou ou fè menm bagay la.
Nou pwoteje tout moun nan anviwònman nou an.
Kijan pou ede
-
Bay san
Mass General Brigham ap fè eksperyans yon mankman san ke nou pa t janm te konnen e li pa kanpe. Nou bezwen nouvo donatè san ak donatè regilye yo kounye a plis pase nan nenpòt lòt tan. Nou bezwen tout gwoup sangen yo, espesyalman tip O, pou ede pasyan yo pandan operasyon, transplantasyon ak tretman kansè.
Si w an bon sante epi w santi w byen, konsidere pran yon randevou pou bay san. Nou ankouraje ou fè sa anpil. Vizite youn nan sant donatè nou yo oswa kamyon mobil san nou yo, ki nan lis anba a:
-
Patisipe nan rechèch
Etid rechèch ki gen rapò ak COVID-19 ap fèt atravè Mass General Brigham. Gen kèk etid k ap chèche volontè nan men piblik la an jeneral ak travayè swen sante yo.
-
Bay kounye a
Kounye a n ap aksepte don lajan pou repons ijans ke nou ka resevwa nan Mass General Brigham ak nan lopital ak biwo founisè swen nou yo:
Brigham and Women's Faulkner Hospital
Massachusetts General Hospital
Spaulding Rehabilitation Network and Mass General Brigham Home Care