Skip to cookie consent Skip to main content

Depistaj Kansè Kolorektal

Kansè kolorektal se yon maladi ki komen — men ou ka fè prevansyon pou li. Depistaj sove lavi lè li detekte kansè a nan premye etap li yo. Aprann sou sentòm, opsyon depistaj, epi kijan pou w pran pwochen etap pou w pwoteje sante ou.

Two men smiling at each other

Kisa kansè kolorektal ye?

Kansè kolorektal se yon tip kansè ki kòmanse nan kolon oswa nan rektòm, ki se yon pati nan sistèm dijestif la. Li souvan kòmanse avèk kèk ti boul yo rele polip sou kouch enteryè kolon an oswa sou rektòm lan. Pandan pifò polip yo pa reprezante yon danje, kèk nan yo ka tounen kansè aprè kèk tan.

Ane sa a, plis pase 50,000 moun Etazini ap pèdi lavi yo akòz kansè kolorektal. Anpil nan lavi sa yo te ka sove. Si yo dekouvri kansè kolon bonè, 9 moun sou 10 ap siviv

Sosyete Kansè Ameriken an (American Cancer Society) rekòmande pou moun ki nan risk mwayen yo kòmanse depistaj regilye kansè kolorektal lè yo gen 45 an.

Pale ak founisè w la sou sa jodi a.

Si ou gen 45 an oswa plis, li lè pou w fè yon tès kansè kolorektal. Kontakte founisè ou a pou w jwenn enfòmasyon sou ki tès ki pi apwopriye pou ou.

Fè depistaj bonè sove lavi

Aprann poukisa li enpòtan pou w fè tès depistaj pou kansè kolorektal lè w gen 45 an.

Ki siy avètisman kansè kolorektal?

Anba a w ap jwenn kèk sentòm komen kansè kolorektal. Sentòm sa yo ka parèt tou ak lòt maladi ki pa grav. Li enpòtan pou w pale ak founisè swen sante ou a sou sa yo. 

  1. Chanjman nan fason w konn abitye twalèt:

    • Dyare oswa konstipasyon ki pa sispann

    • Chanjman nan konsistans poupou ou

    • Poupou ki sere oswa ki sanble ak yon ti fil ki dire plis pase kèk jou

  2. San nan poupou:

    • San wouj vif oswa ki nwa anpil

    • San sou papye twalèt la oswa nan poupou

  3. Ou pa ka esplike jan w ap pèdi pwa:

    • W ap pèdi pwa san ou pa chanje rejim alimantè w, ni abitid ou nan fè egzèsis

  4. Malèz nan vant ki pa sispann:

    • Kranp, gaz, oswa doulè

    • Santi tankou ou pa finn poupou nèt

  5. Fatig oswa feblès:

    • Souvan sa rive akoz ou pèdi san pandan lontan, sa ki ka lakòz nivo fè nan san w lan bese.

Kijan pou w verifye si ou gen kansè kolorektal

Depistaj ede detekte kansè kolorektal bonè, lè sa li pi fasil pou trete. Men de fason komen pou w fè tès depistaj la:

  • Kolonoskopi: Yon doktè itilize yon ti kamera pou gade anndan kolon ou pou detekte nenpòt pwoblèm. Aprann plis anba a.

  • Tès poupou: Tès sa yo egzamine poupou ou pou chèche san ki kache oswa chanjman nan ADN. Aprann plis anba a.

Pifò moun ta dwe kòmanse fè depistaj lè yo gen 45 an. Si ou gen plis risk, ou ka bezwen kòmanse pi bonè oswa fè tès yo pi souvan. Pale ak founisè w la sou sa jodi a.

Kesyon Moun Poze Souvan (FAQ) sou Kansè Kolorektal

Ou ka wè san nan poupou ou, chanjman nan fason ou konn abitye twalèt, oswa w ap pèdi pwa san w pa eseye fè sa. Men, nan premye etap li yo, kansè a souvan pa bay sentòm.

Depistaj regilye, rejim alimantè ki an sante, epi rete aktif, tout sa yo ka yon prevansyon pou kansè kolorektal.

Risk ou yo ap ogmante avèk laj. Istwa fanmi ak kèk kondisyon jenetik ka ogmante risk la tou.

Li ka detekte kansè bonè, lè sa li pi fasil pou trete. Li ka jwenn polip anvan yo tounen kansè.

Pifò moun kòmanse lè yo gen 45 an. Si ou gen plis risk, pale ak doktè ou a pou w kòmanse pi bonè.

Opsyon yo gen ladan kolonoskopi, tès poupou, oswa eskanè CT yo.

Sa depann de tès la. Pou kolonoskopi, jeneralman, li fèt chak 10 ane si ou gen risk mwayen.

Gen kèk pwogram ki ede moun peye pou depistaj la oswa ki bay li gratis.

Wi, pifò depistaj yo san danje. Gen kèk, tankou kolonoskopi, ki gen ti risk tou piti. Doktè w la ka eksplike w ak kisa pou w atann ou.

Mit sou kansè kolorektal kont reyalite

Mit: Kansè kolorektal sèlman afekte ti granmoun.
Reyalite
: Se vre kansè kolorektal pi komen lakay ti granmoun, men ka yo ap ogmante kounya lakay jèn moun.

Mit: Ou bezwen sèlman fè depistaj si ou gen sentòm.
Reyalite: Kansè kolorektal ki nan premye etap souvan pa gen sentòm. Se poutèt sa, depistaj regilye enpòtan anpil.

Mit: Preparasyon an difisil.
Reyalite: Pandan preparasyon an, ou dwe suiv yon rejim alimantè likid klè epi ou dwe pran yon laksatif, men opsyon jodi a pi fasil pou tolere epi yo souvan met yon savè ladan l pou ede w ak gou a.

Mit: Kolonoskopi fè mal.
Reyalite: Pifò pasyan dòmi pandan pwosedi la epi yo pa santi doulè. Anpil moun pa sonje si yo te fè l apre sa.

Mit: W ap jennen anpi l lè w ap fè yon kolonoskopi.
Reyalite: Ekip swen ou an ap priyorize vi prive ak konfò ou epi y ap fè w santi w an sekirite epi w ap santi yo respekte w.

Mit: Kolonoskopi se sèl opsyon depistaj.
Reyalite: Pandan kolonoskopi se zouti depistaj ki pi efikas, gen lòt altènativ tankou tès poupou ak kolonoskopi vityèl.

Kisa yon kolonoskopi ye?

Yon kolonoskopi se yon tès ki pèmèt yon doktè gade anndan kolon ou.

Tib la fèt pou li antre dousman nan rektòm ou epi li deplase ale anndan kote kolon ou kòmanse a. Kolonoskòp la gen yon ti kamera ak yon limyè sou li. Sa pèmèt doktè a wè si gen pwoblèm anndan kolon an.

Sa ka parèt enkyetan, men li pa konsa. Y ap ba ou yon medikaman anvan pwosedi a pou ede ou dòmi, konsa ou p ap santi anyen.

Tès sa a ka sove lavi ou paske li ka detekte pwoblèm yo bonè.

Kisa yon tès poupou ye?

Yon tès poupou se yon fason senp pou w verifye si gen siy kansè kolorektal. Ou ka fè tès sa lakay ou ak yon kit doktè ou a ap ba ou. Si tès la jwenn yon bagay ki pa nòmal, doktè a ka rekòmande pou w fè yon kolonoskopi pou chèche plis enfòmasyon.

Gen plizyè tip tès poupou:

  • FIT (tès iminochimik pou poupou): Tès sa a chèche san, ou menm ak je pa w pa ka wè nan poupou w.

  • Tès FIT-DNA: Tès sa a chèche san ki kache ak chanjman nan ADN poupou ou.