Skip to cookie consent Skip to main content

Mèsi paske w te chwazi Mass General Brigham pou swen medikal ou.

Nan tout lopital nou genyen atravè New England nou pa janm konnen yon pakèt pasyan konsa ki bezwen swen. Si w vin ta bezwen plis swen lopital apre evalyasyon ou nan Depatman Ijans la, yo ka mande pou voye w nan yon lòt lopital nan sistèm Mass General Brigham nou an oswa nan youn nan lopital ki afilye ak nou yo, tout sa yo ki nan lis anba a nan seksyon Lopital ak Patnè nou yo.

Pasyan yo pral gen chans pou yo ale nan yon chanm dirèkteman nan yon lopital lokal ki afilye ak Mass General Brigham olye pou yo ta oblije ret lontan ap tann pou yo jwenn sèvis nan yon Depatman Ijans youn nan pi gwo lopital nou yo. Lè nou travay ansanm atravè sistèm sante Mass General Brigham, nou ka fè-w rive yon bon kote nan bon moman ak ekip ki bon pou ou a pou ka jwenn bon jan swen an.

Lopital ak Patnè yo

Brigham and Women's Hospital

Brigham and Women's Hospital se yon ko-fondatè sistèm swen sante Mass General Brigham e li toujou klase kòm youn nan pi bon lopital Etazini dapre U.S. News & World Report. Brigham and Women's se yon sant medikal inivèsitè klas mondyal ak yon gwo lopital ansèyman (inivèsitè) ki afilye ak Harvard Medical School.

 

  • Sitiye nan Boston, toupre transpò piblik
  • Ou ka mete machin-w nan pakin pou kont w ou oswa itilize sèvis valèt (moun ki la pou pakin machin-w); fòk-w peye pou pakin
  • Sèvis navèt gratis nan lòt sit Mass General Brigham ak lòt kote nan zòn Boston   

Brigham and Women’s Faulkner Hospital 

Brigham and Women's Faulkner Hospital se yon lopital ansèyman (inivèsitè) kominotè ki gen yon istwa depi lontan nan satisfè bezwen swen sante rezidan sidwès Boston ak zòn ki toupre vil la yo

  • Sitiye nan Jamaica Plain, a 20 minit pou mitan vil Boston ak a 10 minit pou Brigham and Women’s Hospital
  • Ou ka mete machin-w nan pakin pou kont w ou oswa itilize sèvis moun ki la pou pakin machin-w; fòk-w peye pou pakin
  • Sèvis navèt gratis (transpòtasyon lopital la bay pou mennen pasyan yo ak anplwaye yo soti nan yon sit ale nan yon lòt) pou ale ak pou soti nan Brigham and Women’s Hospital
  • Afilyasyon ak Mass General Brigham depi lontan avèk kolaborasyon pou plizyè sèvis

Cooley Dickinson Hospital 

Cooley Dickinson Hospital se yon lopital kominotè ki ofri swen egi, ki angaje l pou l sèvi pasyan nou yo ak kè sansib, ak swen eksepsyonèl ak pèsonalize

  • Sitiye 107 mil nan lwès Boston nan Northampton, MA, toupre Amherst, MA ak apeprè yon 2èdtan kondwi soti nan Boston
  • Pakin pou vizitè yo, sèvis pakin asiste (moun ki la pou pakin machin-w) gratis, epi aksè ak transpòtasyon piblik disponib
  • Afilyasyon ak Mass General Brigham depi lontan avèk kolaborasyon pou plizyè sèvis

Massachusetts General Hospital

Mass General se yon ko-fondatè sistèm swen sante Mass General Brigham e li toujou klase pami 10 pi bon lopital ki nan Etazini dapre U.S. News & World Report. Mass General gen pi gwo pwogram rechèch ki baze nan lopital Ozetazini epi li se pi gwo lopital ansèyman (inivèsitè) nan Harvard Medical School.

  • Sitiye nan sant vil Boston, toupre transpò piblik
  • Pakin gratis oswa rabè, ansanm ak sèvis pakin asiste (valet), disponib nan pifò lokal Mass General
  • Sèvis navèt gratis nan lòt sit Mass General Brigham ak lòt kote nan zòn Boston

Newton-Wellesley Hospital 

Newton-Wellesley Hospital se yon sant medikal konplè, ki marye ekspètiz yon gwo etablisman medikal ak fasilite ak atansyon pèsonèl yon lopital kominotè.

  • Sitiye 13 mil nan lwès Boston, nan Newton, MA, apeprè 20 minit lè w ap kondwi
  • Opsyon pakin pou pwòp tèt ou ak pakin valet ki disponib; tarif pakin aplike
  • Afilyasyon depi lontan ak Mass General Brigham ak plizyè sèvis kolaborasyon

Salem Hospital

Pi gwo founisè sante nan North Shore, Salem Hospital kenbe yon evalyasyon 'A' pou sekirite pasyan yo ak marye ekspètiz yon gwo sant medikal ak yon sèvis ki fikse sou sipò pasyan ak fanmi.

  • Sitiye 16 mil nan nò Boston, apeprè 30–40 minit lè w ap kondwi
  • Pi gwo founisè sante nan North Shore
  • Sèvis pakin asiste gratis ak pakin poukont ou disponib
  • Afilyasyon depi lontan ak Mass General Brigham ak plizyè sèvis kolaborasyon

Wentworth-Douglass Hospital

Wentworth-Douglass Hospital se yon òganizasyon swen sante ki rekonèt nasyonalman, ki gen ladan yon lopital Magnet® Rekonèt, klinik pou swen prensipal ak swen espesyalize, ak sant yo pou swen ijan ak swen san randevou.

  • Sitiye 74 mil nan nò Boston, apeprè 1èdtan edmi lè w ap kondwi
  • Pakin gratis disponib
  • Afilyasyon depi lontan ak Mass General Brigham ak plizyè sèvis kolaborasyon

Lopital Lakay

Lopital Lakay Brigham and Women's la ak Lopital Lakay Mass General la se nouvo metòd sèvis swen sante ki ede pasyan nou yo resevwa menm kalite swen yo ka jwenn nan lopital nan konfò kay yo san yo pa oblije pase tan nan lopital la. Menm jan ak yon sejou pasyan ki entène, pasyan yo resevwa plizyè vizit nan men klinisyen Lopital Lakay nou yo chak jou pou trete kondisyon yo. Pou pasyan ki te nan Depatman Ijans oswa ki te entène nan lopital la, lè yo transfere nan Lopital Kay, yo transpòte yo dirèkteman lakay yo epi gen yon manm ekip swen Lopital Kay la ki rankontre yo lè yo rive. Ekip swen Lopital Lakay la toujou rete disponib pandan tout tan pasyan an ap pase nan swen Lopital Lakay la. Ekip Lopital Kay la pral an kominikasyon regilye ak founisè swen prensipal pasyan an oswa espesyalis Mass General Brigham konsènan plan swen yo ak pwogrè yo.

Lopital Afilye

Emerson Hospital

Emerson Hospital se yon sant medikal ki bay sèvis konplè ak yon lopital kominotè ki klase pi wo a, epi dènyèman la li te resevwa yon evalyasyon "A" nan sekirite pasyan yo nan men yon oganizasyon ki rele The Leapfrog Group.

  • Sitiye 20 mil nan lwès Boston, apeprè 30 minit lè w ap kondwi
  • Gen anpil pakin ki disponib; yo ka fè ou peye

South Shore Hospital

South Shore Hospital afilye ak Brigham and Women's Hospital pou sèvis swen pasyan, li se premye e sèl Sant Chòk Nivo II nan sid Boston, ki enkli Cape la ak Islands yo. South Shore Hospital travay ak sant medikal inivèsitè nan Boston, ki gen ladan Mass General Brigham, pou pote swen medikal ki pi pi wo kalite swen ki kapab jwenn nan mond lan bay kominote a.

  • Sitiye nan Weymouth, 17 mil nan sid Boston ak apeprè 50 minit lè w ap kondwi
  • Ou ka mete machin-w nan pakin pou kont w ou oswa itilize sèvis moun ki la pou pakin machin-w; ou kapab oblije peye pou pakin