Mass General Brigham angaje l pou l bay bon jan kalite swen sante epi pou l bati kominote ki an sante ak pwospere. Tout moun ta dwe atann yon anviwonman ki an sekirite, ki byenveyan pou tout moun alawonnbadè nan tout espas nou yo.
Kòd Konduit Pasyan nou ede nou atenn objektif sa a. Nou pa akeyi pawòl oswa aksyon ki derespektan, rasis, ki gen diskriminasyon, ki ostil, oswa tizonnen. Lè nou di sa a, nou vle pale konsènan:
Vyolasyon Kòd sa a ka mennen pou yo mande pasyan yo fè lòt plan pou swen yo. Nenpòt swen alavni ki pa ijans nan Mass General Brigham kapab merite rekonsiderasyon. Si yo akize w pou vyolasyon Kòd la, y ap ba w chans pou w eksplike pwennvi w. N ap toujou byen konsidere repons ou anvan nou pran nenpòt desizyon konsènan swen alavni w nan Mass General Brigham. Si w temwen oswa ou sibi nenpòt nan konpòtman sa yo, tanpri rapòte sa bay yon manm pèsonèl travay la.
Tanpri gade videyo ki anba a pou aprann plis.